Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 18:44 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

44 Li te vin rive nan setyèm fwa a ke li te di: “Vwala, yon grenn nwaj piti tankou men a yon moun ap monte soti kote lanmè a.” Epi li te di: “Ale monte, pale Achab pou di l: ‘fè cha ou a parèt e desann pou gwo lapli a pa rete ou.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

44 Sou setyèm fwa a, domestik la di li: — Mwen wè yon ti nyaj k'ap moute sou lòtbò lanmè a. Li gwosè yon plamen. Lè sa a, Eli bay domestik li a lòd sa a: — Ale jwenn wa Akab, w'a di li: Moute cha ou ale lakay ou anvan lapli bare ou.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 18:44
7 Referans Kwoze  

Li te di a sèvitè li: “Ale monte koulye a, gade bò kote lanmè a.” Konsa, li te monte gade, e te di: “Nanpwen anyen” epi li te di: “Ale retounen” menm sèt fwa.”


Malgre, kòmansman ou pa t remakab, ou ta fini avèk anpil gwo bagay.


Tache cheval yo nan cha lagè a, O moun Lakis! Fi sila a te kòmansman peche pou fi Sion an— akoz se nan ou, yo te twouve zak rebelyon a Israël yo.


Paske se kilès ki te meprize jou a ti bagay yo? Men sèt sila yo va rejwi lè yo wè liy a plòn an nan men Zorobabel. Sa yo se zye SENYÈ a k ap veye toupatou sou tout tè a.”


Li t ap di anplis a foul la: “Lè nou wè yon nwaj k ap leve nan lwès, imedyatman nou di :‘L ap fè lapli’, e se konsa sa rive.


Se konsa mesye yo te fè. Yo te pran de vach nouris, yo te fè yo rale chaj nan kabwèt la e te fèmen ti bèf yo lakay.


“Pou sa, ale fè yon kabwèt nèf avèk de vach nouris ki pa t janm rale chaj. Fè vach yo rale chaj sou kabwèt la e retire ti bèf yo mennen yo lakay, lwen yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite