Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Wa 18:43 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

43 Li te di a sèvitè li: “Ale monte koulye a, gade bò kote lanmè a.” Konsa, li te monte gade, e te di: “Nanpwen anyen” epi li te di: “Ale retounen” menm sèt fwa.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

43 Li di domestik li a: — Al gade bò lanmè a. Domestik la ale, li gade. Li tounen, li di: — M pa wè anyen! Pandan sèt fwa Eli di li al gade.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 18:43
11 Referans Kwoze  

Epi nonm nan te di: “Lage m, paske jou a pwòch.” Men Jacob te di: “Mwen p ap lage ou amwenske ke ou beni m.”


Konsa, Achab te monte pou manje e bwè. Men Élie te monte sou tèt Mòn Carmel; epi li te koube jenou li, apiye atè avèk figi li antre jenou li.


Li te vin rive nan setyèm fwa a ke li te di: “Vwala, yon grenn nwaj piti tankou men a yon moun ap monte soti kote lanmè a.” Epi li te di: “Ale monte, pale Achab pou di l: ‘fè cha ou a parèt e desann pou gwo lapli a pa rete ou.’”


Li te retounen nan kay la e te mache yon fwa ale retou, epi li te monte lonje li menm sou li. Gason an te touse sèt fwa e gason an te ouvri zye li.


Nan maten O SENYÈ, Ou va tande vwa mwen. Nan maten mwen va vèse bay Ou lapriyè mwen yo. M aptann, m ap veye.


Paske vizyon an toujou pou lè deziye a. La p pwoche vit pou rive nan bi li, ni li p ap fè fayit. Menmsi li fè reta, tann li; paske anverite, li va vini. Li p ap fè mize.


Alò, Li t ap di yo yon parabòl pou montre ke nan tout tan yo te dwe priye, e pa dekouraje.


Alò, èske Bondye p ap fè jistis pousila Li chwazi yo, ki kriye a Li lajounen kon lannwit, epi èske Li vafè anpil reta sou yo?


Avèk tout lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo.


Anplis, sèt prèt va pote sèt twonpèt fèt ak kòn belye devan lach la. “Konsa, nan setyèm jou a, nou va mache antoure vil la sèt fwa e prèt yo va soufle twonpèt yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite