Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 18:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Konsa, Élie te ale montre li menm a Achab. Alò, gwo grangou a te byen rèd nan Samarie.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Eli pati pou l'al devan wa Akab. Grangou a te rèd anpil pou moun lavil Samari yo.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 18:2
16 Referans Kwoze  

Alò, li te rive apre anpil jou ke pawòl SENYÈ a te vini a Élie nan twazyèm ane a. Li te di: “Ale, montre ou menm a Achab e Mwen va voye lapli sou fas tè a.”


Achab te rele Abdias ki te chèf sou lakay li. (Alò, Abdias te gen lakrent SENYÈ a anpil;


Alò, se pou sa, pale SENYÈ a: ‘Ou p ap desann soti nan kabann kote ou te monte a, men ou va anverite, mouri.’” Konsa, Élie te pati.


Te gen yon gwo grangou nan Samarie. Konsa, gade byen, yo te fè syèj la jis li rive ke tèt a yon bourik te vann pou katreven sik an ajan e yon ka kab poupou toutrèl pou senk sik ajan.


SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen. Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se defans lavi mwen. Se kilès k ap fè m gen laperèz?


Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche, e te fè mal devan zye Ou. Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.


Tout lajounen, yo tòde pawòl mwen yo. Tout panse yo kont mwen se pou mal.


Mechan yo sove ale lè pa gen k ap kouri dèyè yo; men moun dwat yo gen kouraj kon lyon.


“Mwen, Mwen menm se Sila ki bannou konsolasyon an. Se kilès ou ye pou ou pè moun ki va mouri, ak fis a moun ki fèt tankou zèb la?


Si mwen ale andeyò peyi a, gade byen, tout sila ki mouri ak nepe yo! Oswa si mwen antre nan vil la, gade byen, maladi ak gwo grangou! Paske pwofèt la, ak prèt la tou te fè ale vini nan yon peyi ke yo pa t menm konnen.’”


Fòs ou va depanse san valè; latè ou p ap pwodwi, ni pyebwa yo p ap donnen fwi.


Lè Mwen kase pen pami nou, dis fanm va kwit pen nou nan yon sèl fou, e yo va mennen retounen pen nou nan pati ki mezire nan balans lan, pou nou manje, men pa pou nou satisfè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite