Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 18:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, li te rive apre anpil jou ke pawòl SENYÈ a te vini a Élie nan twazyèm ane a. Li te di: “Ale, montre ou menm a Achab e Mwen va voye lapli sou fas tè a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Apre sa, kèk tan pase. Chechrès la t'ap mache sou twazan depi li t'ap bat peyi a. Lè sa a, Senyè a pale ak Eli, li di l konsa: — Al parèt devan wa Akab. Mwen pral fè lapli tonbe.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 18:1
18 Referans Kwoze  

Alò, Élie, Tichbit la, ki te pami fondatè Galaad yo, te di a Achab: “Jan SENYÈ a, Bondye Israël la, viv la, devan sila mwen kanpe a, anverite p ap gen ni lawouze, ni lapli nan ane sila yo, sof ke pa pawòl mwen.”


Konsa, li te ale, e te fè selon pawòl Élie yo, e li menm avèk gason an avèk Élie te manje pandan anpil jou.


Li te vin rive apre yon tan ke flèv la te vin sèch, akoz pa t gen lapli nan peyi a.


Konsa, Élie te ale montre li menm a Achab. Alò, gwo grangou a te byen rèd nan Samarie.


alò, tande nan syèl la e padone peche a sèvitè Ou yo, e a pèp Ou a, Israël. Anverite, enstwi yo nan bon chemen nan sila yo ta dwe mache a, e voye lapli sou peyi ke Ou te bay a pèp Ou a, ke Ou te bay yo a kòm eritaj la.


Mwen va gaye gate l nèt. Li p ap koupe ni sèkle ak wou, men pikan ak zepin va vin leve nan li. Anplis, Mwen va pase lòd sou nwaj yo pou lapli pa tonbe ladann.


Lè Li fè vwa L sone, dlo yo mele nan syèl yo. Li fè nwaj yo monte soti nan dènye pwent tè a. Li fè loray pou lapli, e Li fè van sòti nan depo Li yo.


Èske genyen pami zidòl a nasyon yo ki konn bay lapli? Oswa èske syèl yo ka fè lapli pou kont yo? Èske se pa Ou menm, O SENYÈ, Bondye nou an? Akoz sa, nou mete espwa nan Ou, paske se Ou ki te fè tout bagay sa yo.


Konsa, se pou nou fè kè kontan, O fis a Sion yo! Rejwi nou nan SENYÈ a, Bondye nou an; paske Li te bay nou lapli bonè nan kantite ki jis, li te fè vide sou nou lapli, premyè ak denyè lapli lan tankou avan an.


konsa Mwen va bannou lapli yo nan sezon pa yo, pou peyi a donnen pwodwi li yo, e bwa nan chan yo va bay fwi yo.


Anplis de sa, Mwen te fè lapli sispann pandan te gen twa mwa ankò avan rekòlt la. Konsa, Mwen te voye lapli nan yon vil pandan Mwen te refize li nan yon lòt. Yon pati te jwenn lapli, pandan pati ki pa t resevwa lapli a te seche.


Men, Mwen di nou anverite, ke te gen anpil vèv nan Israël nan jou Élie yo, lè syèl la te fèmen nèt pandan twazan si mwa, lè gwo grangou te rive sou tout peyi a.


“SENYÈ a va louvri pou nou depo bonte Li a, syèl la, pou bay lapli sou peyi nou nan sezon li, pou beni tout travay a men nou yo. Nou va prete lajan bay anpil nasyon, men nou p ap janm mande prete.


Élie se te yon nonm avèk yon nati tankou pa nou an, e li te priye fò pou li pa t fè lapli, e li pa t fè lapli sou tè a pandan twazan si mwa.


Kite gran lakou ki deyò tanp lan. Pa mezire l, paske li te bay a nasyon yo. Konsa, yo va foule vil sen an anba pye yo pandan karant-de mwa.


Sa yo gen pouvwa pou fèmen syèl la pou lapli pa tonbe pandan jou pwofesi yo a. Yo gen pouvwa sou dlo pou fè yo tounen san, e pou frape latè avèk tout kalite fleyo, nenpòt lè yo ta vle.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite