Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 10:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Li te vini Jérusalem avèk yon trè gran kantite moun, avèk chamo ki t ap pote epis, anpil lò avèk pyè presye. Lè li te vini kote Salomon, li te pale avèk li selon tout sa ki te nan kè li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Se konsa, li rive lavil Jerizalèm avèk yon pakèt moun ak anpil chamo chaje fèy santi bon, bèl pyè koute chè ak kantite lò. Lè li rive devan Salomon, li mande l tout kalite kèsyon li te fè lide mande l.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 10:2
15 Referans Kwoze  

Depi lè ke li fin pale ak Abraham nan, SENYÈ a te pati, e Abraham te retounen nan kote pa li.


Li te bay wa a san-ven talan lò, yon gran kantite epis avèk pyè presye. Fòs kantite epis sa a tankou sa ke rèn Séba a te bay a Wa Salomon an pa t janm antre ankò.


Salomon te reponn a tout kesyon li yo; anyen pa t kache a wa a pou l pa t eksplike li.


Ézéchias te koute yo e montre yo tout kay trezò li a, ajan avèk lò, epis avèk lwil presye, lakay boukliye li yo avèk tout sa ki te konn twouve nan trezò li yo. Pa t gen anyen lakay li ni nan tout wayòm li a ke li pa t montre yo.


Alò, wa Syrie a te di: “Ale koulye a e mwen va voye yon lèt kote wa Israël la.” Li te sòti e te pran avè l dis talan ajan ak si-mil sik an lò ak dis echanj vètman konplè.


Konsa, Naaman te vini avèk cheval li yo ak cha li yo e te kanpe devan pòtay lakay Élisée.


Si yon moun ta eseye pale yon mo avèk ou, èske ou va pèdi pasyans? Men se kilès ki kab refize pale?


Tranble, men pa fè peche. Reflechi nan kè ou sou kabann ou, e rete kalm. Tan


Wa a Tarsis yo avèk lil yo va pote kado. Wa a Séba avèk Saba yo ap ofri kado.


lwil pou limyè, epis pou lwil onksyon, e pou lansan santi bon


Pwofesi konsènan bèt nan dezè Midi yo. Atravè yon peyi gwo twoub ak gwo doulè, ladan ki sòti manman lyon ak lyon an, vipè ak sèpan volan an; yo pote gwo kantite byen yo sou do jenn bourik, e trezò yo sou do chamo, pou rive kote yon pèp ki pa kapab bay yo okenn avantaj.


“‘“Vandè a Séba ak Raema yo te fè trafik ak ou. Yo te peye pou byen ou yo ak pi bon nan tout kalite epis, e ak tout bijou presye ak lò.”


Pandan yo t ap pale ak diskite, Jésus Li menm te pwoche, e te kòmanse mache fè wout la ansanm avèk yo.


Konsa, nan pwochen jou a, lè Agrippa te parèt ansanm avèk Bérnéice, pami gwo zafè, li te antre nan sal odyans lan, akonpanye ak kòmandan yo ak lòm pi enpòtan nan vil yo, epi sou kòmand Festus, Paul te mennen antre.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite