Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 10:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, lè rèn Séba a te tande koze a repitasyon Salomon pa non SENYÈ a, li te vini pou pase l a leprèv avèk kesyon difisil.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Larenn peyi Saba tande pale ki kalite moun Salomon te ye, ak jan sa te sèvi yon lwanj pou Senyè a. Li vwayaje espre lavil Jerizalèm pou li vin sonde konesans Salomon avèk kèk kesyon difisil.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 10:1
28 Referans Kwoze  

Obal, Abimaël, Séba,


Fis a Cush yo te Saba, Havila, Saba, Raema avèk Sabteca. Fis a Raema yo te Séba avèk Dedan.


Jokschan te vin papa a Séba avèk Dedan. Epi fis Dedan yo te Aschurim, Letuschim, avèk Leummim.


Tout latè t ap chache prezans a Salomon pou tande sajès li ke Bondye te mete nan kè li.


Paske li te pi saj pase tout moun, pase Éthan, Ezrachit la, Héman, Calcol, avèk Darda, fis a Machol yo; epi repitasyon li te nan tout nasyon ki te antoure li yo.


Moun te vini soti nan tout pèp yo pou tande sajès a Salomon, soti nan tout wa sou latè ki te tande afè sajès li a.


Li te voye yo nan Liban, di-mil moun pa mwa, yon ekip apre lòt ak de mwa lakay. Adoniram te chèf sou ouvriye kòve yo.


Konsa, a lòm Li te di: ‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès; epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”


Karavàn Théma yo te vin veye; vwayajè Séba yo te gen espwa yo.


Mwen va apiye zòrèy mwen vè yon pwovèb. Mwen va eksprime yon devinèt sou ap la.


Wa a Tarsis yo avèk lil yo va pote kado. Wa a Séba avèk Saba yo ap ofri kado.


Konsa, li va viv, e lò a Séba va bay a li menm. Moun va priye pou li san rete. Yo va beni li tout lajounen.


Anpil chamo va kouvri ou, jenn chamo a Madian ak Épha yo. Tout sila soti Séba yo va vini. Yo va pote lò ak lansan, e yo va pote bòn nouvèl a, lwanj a SENYÈ a.


Paske kisa sa sèvi, lansan an ki rive kote Mwen sòti Séba, ak kann dous soti nan yon peyi lwen? Ofrann brile nou yo pa fè M plezi.”


Answit, rekonesans ou te ale toupatou pami nasyon yo akoz bèlte ou. Paske li te pafè, akoz mayifisans ke Mwen te fè poze sou ou a,” deklare Senyè BONDYE a.


Séba, Dedan, komèsan Tarsis yo ak tout ti vil li yo va di ou: ‘Èske ou vini pou kaptire piyaj la? Èske ou te rasanble twoup ou yo ou pou sezi piyaj la, pou pote ale ajan ak lò, pou pote ale bèt ak anpil byen, pou sezi gwo piyaj la?’”’


Rèn nan Sid la ap leve avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske li te sòti nan dènye ekstremite latè pou tande sajès Salomon; epi veye byen, yon choz pi gran pase Salomon gen tan rive isit la.


Li te reponn yo: “A nou menm, li pèmèt pou nou konnen sekrè a wayòm syèl la, men pou yo menm, sa poko pèmèt.


Se te pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt yo lè yo te di: “Mwen va ouvri bouch Mwen an parabòl; Mwen va eksprime sekrè ki kache depi fondasyon mond sa a.”


Li pa t pale avèk yo san parabòl; men Li t ap eksplike tout bagay an prive a disip Li yo.


“Rèn Sid la va leve avèk lèzòm a jenerasyon sila a nan jijman, e kondane yo; akoz li menm te vini soti nan lekstremite tè a pou tande sajès a Salomon, e konsa, veye byen, gen yon bagay pi gran pase Salomon isit la.


“E sa se lavi etènèl, pou yo kapab konnen Ou, sèl vrè Dye a, ak Jésus Kri ke Ou voye a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite