5 Lè Saül te wè kan Filisten yo, li te pè e kè li te tranble anpil.
5 Lè Sayil wè lame moun Filisti yo, li sòti pè, kè l pran bat byen fò.
Bri laperèz sone nan zòrèy li. Pandan li anpè, destriktè a rive sou li.
Patou laperèz fè l sezi e kouri dèyè l nan chak pa ke li fè.
Men kijan yo va detwi nan yon enstan! Y ap bale nèt ale avèk gran perèz kap rive sibitman!
Sa ke mechan an pè a, ap rive sou li; men sa ke moun dwat la vle, va vin reyisi.
Lè rapò a te rive kote lakay David e te di: “Siryen yo te fè kan Éphraïm”, ke Achaz ak kè pèp li te vin ajite tankou bwa forè k ap souke nan van.
Konsa, figi a wa a te vin blanchi, refleksyon li yo te fè l gen gwo laperèz; jwen ren li te vin pèdi fòs e jenou li te kòmanse souke jiskaske youn t ap frape kont lòt.
Konsa, Filisten yo te rasanble ansanm e te vin fè kan nan Sunem. Epi Saül te rasanble tout Israël ansanm pou yo te fè kan nan Guilboa.
Lè Saül te fè demann SENYÈ a, SENYÈ a pa t reponn li, ni nan rèv, ni avèk Orim, ni pa pwofèt yo.