Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 28:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Konsa, Filisten yo te rasanble ansanm e te vin fè kan nan Sunem. Epi Saül te rasanble tout Israël ansanm pou yo te fè kan nan Guilboa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Sòlda moun Filisti yo te sanble, yo moute kan yo bò lavil Chounèm. Sayil menm sanble tout sòlda pèp Izrayèl yo, epi li moute kan l sou mòn Gilboa.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 28:4
9 Referans Kwoze  

O mòn a Guilboa yo, pa kite lawouze ni lapli vin tonbe sou nou, ni sou chanm ofrann yo; paske pwisan yo te tonbe, paske la, boukliye pwisan an te vin sal. Boukliye Saül te pedi lwil onksyon an.


Jennonm ki te pale li a te di: “Pa aza mwen te sou Mòn Guilboa, e gade byen, Saül t ap apiye sou frenn li an. Epi gade, cha yo avèk chevalye yo t ap kouri rèd sou li.


alò, David te ale pran zo a Saül ak zo a Jonathan, fis li a soti nan men a mesye Jabès-Galaad la, ki te vòlè yo nan laplas Beth-Schan kote Filisten yo te pandye yo nan jou ke Filisten yo te frape Saül nan Guilboa a.


Konsa, yo te chache toupatou yon bèl fi nan tout teritwa Israël la, yo te twouve Abischag, Sinamit lan, e yo te mennen li kote wa a.


Alò, te vin rive yon jou lè Élisée te pase bò kote Sunem, kote te gen yon fanm enpòtan. Konsa, fanm nan te konvenk li manje pen. Se konsa li te vin rive, ke nenpòt lè li te pase, li te vire antre la pou manje pen.


Teritwa pa yo a te rive Jizreel, avèk Kesulloth ak Sunem,


Lè Saül te wè kan Filisten yo, li te pè e kè li te tranble anpil.


Alò Filisten yo t ap goumen kont Israël e mesye Israël yo te kouri devan Filisten yo, e yo te tonbe mouri sou Mòn Guilboa.


Li te vin rive nan pwochen jou a, lè Filisten yo te vini pou depouye mò yo, ke yo te twouve Saül avèk twa fis li yo tonbe sou Mòn Guilboa.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite