Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 24:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Tankou pwovèb a ansyen yo di: ‘Nan mechan an, mechanste sòti!’ Men se pa men mwen k ap kont ou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Jan pwovèb la di li a: “Si pa gen machan, p'ap gen mechanste”! Men mwen menm, mwen p'ap leve men sou ou.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 24:13
8 Referans Kwoze  

Konsa, Saraï te di Abram: “Se ou ki gen tò nan bagay sa a. Mwen te bay sèvant mwen an pou li antre nan bra ou, e lè l te wè ke li te vin ansent, mwen te vin meprize nan zye li. Ke SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen.”


Alò, Lespri a te vini sou Amasaï, ki te chèf a trant yo, “Nou se pa w, O David, Epi avèk ou, O fis a Jesse a! Lapè, lapè a ou menm Epi lapè avèk sila ki ede ou! Anverite, Bondye ou a ap ede ou!” Konsa David te resevwa yo e te fè yo kapitèn nan ekip la.


“‘“Gade byen, tout moun ki site pwovèb va site pwovèb sila a konsènan ou menm. Yo va di: ‘Jan manman an ye a, se konsa fi a ye.’


“Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay.


Konsa, nou ap konnen yo pa fwi yo.


Konsa, mwen pa t peche kont nou, men nou te fè m tò lè nou te fè lagè kont mwen. Ke SENYÈ a, Jij la, jije jodi a antre fis Israël yo ak fis a Ammon yo.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite