Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Samyèl 24:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Ke SENYÈ a kapab jije antre ou menm avèk mwen e ke SENYÈ a ta pran vanjans mwen sou ou; men se pa men m k ap kont ou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Se pou Senyè a jije ant nou de a kilès ki antò! Se pou Senyè a pini ou pou sa w'ap fè m la a, paske mwen menm, mwen p'ap janm leve men m sou ou.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 24:12
17 Referans Kwoze  

Deklare m inosan, O Bondye mwen! Plede ka mwen kont yon nasyon enfidèl. O delivre mwen soti nan men a lezòm mantè e enjis yo!


Konsa, mwen pa t peche kont nou, men nou te fè m tò lè nou te fè lagè kont mwen. Ke SENYÈ a, Jij la, jije jodi a antre fis Israël yo ak fis a Ammon yo.”


Fè fòs SENYÈ, kont sila k ap sèvi ak fòs kont mwen yo. Goumen ak sila k ap goumen kont mwen yo.


Konsa, Saraï te di Abram: “Se ou ki gen tò nan bagay sa a. Mwen te bay sèvant mwen an pou li antre nan bra ou, e lè l te wè ke li te vin ansent, mwen te vin meprize nan zye li. Ke SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen.”


Epi pandan yo t ap joure Li, Li pa t joure anretou. Pandan Li t ap soufri, Li pa t fè menas, men te kontinye mete konfyans Li nan Sila ki jije avèk ladwati a.


Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.


O SENYÈ, Bondye a vanjans lan, Bondye a vanjans lan, kite limyè vin parèt!


“Men pou mwen, mwen ta chache Bondye, pou m ta plede kòz mwen devan Bondye.


Yo te kriye avèk yon vwa fò. Yo t ap di: “Konbyen tan, o Senyè, sen e veritab, èske Ou va fè reta nan jije e vanje san nou sou sila ki rete sou latè yo?”


SENYÈ a va rekonpanse chak moun pou ladwati pa li ak fidelite li; paske SENYÈ a te livre ou nan men m jodi a. Mwen te refize lonje men m kont onksyone a SENYÈ a.


Bondye Abraham nan ak Bondye Nachor a, Bondye a papa pa yo a, vin jij antre nou menm.” Konsa Jacob te sèmante pa krent a papa l, Isaac.


Pou sa, SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen. Epi ke Li wè, Li plede ka m nan, e Li delivre mwen soti nan men ou.”


Menm Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an, Li ki rale fè desann lòt pèp yo anba m nan,


Epi David te sove ale kite Najoth nan Rama, e li te vin di a Jonathan: “Kisa mwen te fè? Ki inikite mwen genyen? Epi ki peche mwen gen devan papa ou, pou li ap chache lavi m?”


Alò, Lespri a te vini sou Amasaï, ki te chèf a trant yo, “Nou se pa w, O David, Epi avèk ou, O fis a Jesse a! Lapè, lapè a ou menm Epi lapè avèk sila ki ede ou! Anverite, Bondye ou a ap ede ou!” Konsa David te resevwa yo e te fè yo kapitèn nan ekip la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite