Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 17:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Yon chanpyon yo te rele Goliath ki te sòti nan Gath, te soti nan kan Filisten yo. Wotè li te sis koude plis yon epann (anviwon nèf pye uit pous).

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Yon bowòm yo rele Golyat, moun lavil Gat, sòti nan kan moun Filisti yo, li parèt devan sòlda pèp Izrayèl yo, li mande pou yonn ladan yo vin fè faskare ak li. Li te gen nèf pye wotè.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 17:4
11 Referans Kwoze  

Li te touye yon Ejipsyen, yon nonm gran wotè a senk koude. Alò, nan men Ejipsyen an, te gen yon lans tankou shaf a aparèy tise a; men li te desann kote li avèk yon baton, te sezi lans lan soti nan men Ejipsyen an e te touye li avèk pwòp lans pa li a.


Malgre sa, se te Mwen menm ki te detwi Amoreyen yo devan yo, malgre wotè yo te tankou wotè a pye palmis e yo te gen fòs tankou bwadchenn. Mwen te detwi ni fwi yo pa anlè, ni rasin yo pa anba.


(Paske se sèl Og, wa Basan an ki te rete kòm retay a Rephaïm yo. Gade byen, kabann li te fèt an fè. Èske li pa nan Rabbath, vil a fis Ammon yo? Longè li se te nèf koude e lajè li se te kat koude nan koude a yon moun.)”


Pa t gen Anakim ki te rete nan peyi fis Israël yo. Sèlman nan Gaza, nan Gath ak nan Asdod kèk te rete.


Pandan li t ap pale avèk yo, veye byen, ewo Filisten an ki sòti nan Gat ki te rele Goliath la, t ap monte soti nan lame a Filisten yo. Li te repete menm pawòl sa yo, e David te tande.


Filisten yo te kanpe sou ti mòn nan e Izrayelit yo sou lòt kote a, avèk vale a antre yo de.


Li te mete yon kas an bwonz sou tèt li. Li te abiye avèk pwotèj an kal ki te peze senk-mil sik an bwonz.


Alò, sa te pale a Saül ke David te sove ale Gath. Konsa, li pa t chache li ankò.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite