Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 1:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Nom nan, Elkana te monte avèk tout lakay li pou fè ofrann sakrifis bay SENYÈ a ak pou peye ve li a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Apre sa, Elkana moute lavil Silo ansanm ak tout fanmi li yo pou yo te ka fè ofrann yo gen pou yo fè chak lanne bay Senyè a, ansanm ak ofrann espesyal yo te fè ve bay Senyè a.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 1:21
7 Referans Kwoze  

Paske Mwen te chwazi li pou l kapab kòmande pitit li yo avèk lakay li, pou kenbe chemen SENYÈ a, pou fè ladwati avèk jistis, pou SENYÈ a kapab fè rive sou Abraham, sa ke Li te pale de li a.”


Mwen va prete atansyon a chemen san repwòch la. Kilè Ou va vini kote mwen? Mwen va mache anndan lakay mwen ak entegrite nan kè m.


alò, li va rive ke kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, va chwazi pou non Li vin rete a, se la, nou va mennen tout sa ke Mwen kòmande nou yo: ofrann brile nou yo avèk sakrifis nou yo, dim nou yo avèk don ki sòti nan men nou yo, ak tout ofrann ve ki pi bèl ke nou va fè kòm ve bay SENYÈ a.


La, nou va mennen ofrann brile nou yo, sakrifis nou yo, dim nou yo, don ki sòti nan men nou yo, ofrann ve yo, ofrann bòn volonte yo, avèk premye ne nan twoupo nou yo ak nan bann mouton nou yo.


Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”


Alò, mesye sa a te konn monte soti nan vil li a chak ane pou adore ak fè sakrifis a SENYÈ dèzame yo nan Silo. Epi de fis Éli yo, Hophni avèk Phinées te prèt SENYÈ a nan kote sa a.


Epi manman li ta fè pou li yon ti manto pou pote ba li chak ane lè l te monte avèk mari li pou ofri sakrifis la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite