Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Samyèl 1:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Men Anne pa t monte, paske li te di a mari li: “Mwen p ap monte jiskaske pitit la sevre. Epi mwen va pote li pou l kapab parèt devan SENYÈ a pou l rete la nèt.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Men Ana pat ale. Li di mari l konsa: — Fini m'a fin sevre pitit la, m'a mennen l nan Tanp Senyè a kote li pral rete pou tout tan.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 1:22
17 Referans Kwoze  

Konsa, mwen te konsakre li bay SENYÈ a. Pou tout tan ke li ta viv li konsakre a SENYÈ a.” Konsa, Samuel te adore SENYÈ a la sou plas.


Li te fè yon ve; li te di: “O SENYÈ dèzame, si Ou va vrèman gade afliksyon sèvant Ou an e sonje mwen an, sonje mwen e pa bliye sèvant Ou an, men konsa Ou va bay sèvant Ou an yon fis, epi mwen va bay li a SENYÈ a pou tout jou lavi li yo, e yon razwa p ap janm touche tèt li.”


Lè jou pou yo vin pirifye yo te rive selon Lalwa Moïse la, yo te mennen Li Jérusalem pou prezante Li devan Senyè a.


Alò, Samuel te sèvi SENYÈ a devan Éli. Yon pawòl soti nan SENYÈ a te ra nan jou sa yo, e vizyon yo pa t fèt souvan.


Alò Samuel te fè sèvis devan SENYÈ a tankou yon jenn gason abiye ak yon efòd fèt ak len.


Elkana te ale lakay li Rama. Men gason an te fè sèvis SENYÈ a devan Éli, prèt la.


“Twa fwa pa ane, tout mal nou yo va parèt devan SENYÈ, Bondye nou an, kote Li chwazi a, nan Fèt Pen San Ledven an, nan Fèt Semèn yo, nan Fèt Tonèl yo, e yo p ap parèt devan SENYÈ a men vid.


“Tè a, anplis, pa pou vann nèt, paske tè a se pa M; paske nou se sèlman etranje k ap demere avè M.


P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.


SENYÈ a fin sèmante. Li p ap chanje panse L: “Ou se yon prèt jis pou tout tan selon lòd Melchisédek.”


Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a; se li mwen va chache: pou m ta kab rete lakay SENYÈ a tout jou lavi m yo, pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.


Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo, E mwen va viv lakay SENYÈ a jis pou tout tan.


Alò nou va di yo: ‘Akoz dlo Jourdain yo te koupe devan lach akò SENYÈ a. Lè lach la te travèse Jourdain an, dlo Jourdain yo te koupe. Pou sa, wòch sa yo va sèvi kòm yon souvni pou fis Israël yo pou tout tan.’”


alò, mèt li va mennen li devan Bondye, e apre li va mennen li vè pòt la, oswa chanbrann pòt la. Epi konsa, mèt li va pèse zòrèy li avèk yon pwenson, e li va sèvi li nèt jis pou tout tan.


Samuel te di a Saül: “Ou te aji nan foli. Ou pa t kenbe kòmandman ke SENYÈ a te kòmande ou a. Paske SENYÈ a t ap vin etabli wayòm ou a sou Israël jis pou tout tan.


David te di a Akisch: “Se bon, ou va vin konprann sa ke sèvitè ou kapab fè.” Akisch te reponn a David: “Se bon, mwen va fè ou gad pèsonèl mwen pou tout lavi ou.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite