Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Korent 16:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn ofrann pa fèt lè m vini.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Chak premye jou nan senmenn lan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fè. Y'a sere l lakay yo. Konsa, nou p'ap bezwen tann se lè m rive lakay nou pou n'ap chache lajan an.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Chak dimanch, se pou chak moun kontribye ak yon pati nan sa Bondye ba li kòm benediksyon, epi mete l apa nan yon plas espesyal. Fè l kon sa pou nou pa oblije ramase tout ofrann nan yon sèl kou lè m vini.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 16:2
22 Referans Kwoze  

Alò, Isaac te simen nan peyi sa a, e li te rekòlte nan menm ane a san fwa. Senyè a te beni li.


Men Laban te di li: “Si sa fè ou plezi, rete avè m; mwen devine ke Bondye te beni mwen akoz ou menm.”


Paske ou pa t gen anpil lè m te vini an, yo vin miltipliye anpil, e SENYÈ a te beni ou tout kote ke m vire. Men koulye a, se lè pou mwen okipe pwòp lakay mwen tou?”


mwen pa merite tout lanmou, mizerikòd ak fidelite ke ou te montre sèvitè ou a; paske se sèl avèk baton mwen ke m te travèse rivyè Jourdain an, men koulye a nou vin de konpanyen.


Souple, pran kado ki te pote pou ou a, paske Bondye te aji avèk gras anvè mwen, e akoz sa m gen anpil:” Konsa, li te vin ankouraje l, e li te aksepte li.


Azaria, chèf prèt lakay Tsadok la te di li: “Depi don yo te kòmanse antre lakay SENYÈ a, nou te gen kont pou nou manje avèk anpil ki te rete, paske SENYÈ a te beni pèp Li a, e gran kantite sila a rete toujou.”


Li fè sa li ta kapab. Li te fè onksyon kò M davans, pou lantèman an.


“Sila a ki fidèl nan yon ti bagay piti, ap fidèl osi nan bagay ki gran. E sila ki enjis nan ti bagay piti, ap enjis osi nan bagay ki gran.


Men nan premye jou semèn nan, nan granmmaten, yo te vini nan tonm nan, e te pote epis ke yo te fin prepare yo.


Konsa, lè l fènwa nan menm jou sa a, premye jou nan semèn nan, lè pòt yo te fèmen kote disip yo te ye a, akoz laperèz a Jwif yo, Jésus te vini epi kanpe nan mitan yo. Li te di yo: “Lapè avèk nou.”


Uit jou pi tà, disip Li yo te anndan, epi Thomas te avèk yo. Jésus te vini lè pòt yo te fèmen. Li te kanpe nan mitan yo, e te di: “Lapè avèk nou!”


Nan premye jou nan semèn nan, lè nou te rasanble ansanm pou kase pen, Paul te kòmanse pale avèk yo. Li te gen entansyon pati nan pwochen jou a, e li te pwolonje mesaj li a jiska minwi.


Mwen bay opinyon mwen nan ka sa a, paske sa se nan avantaj pa nou, ki, lane pase, te premye moun ki te kòmanse fè non sèlman sa, men osi te gen volonte pou fè l.


Men nou va sonje SENYÈ a, Bondye nou an, paske se Li ki ap bannou pouvwa pou fè richès, pou Li kapab konfime akò ke Li te sèmante a zansèt nou yo, jan sa ye jodi a.


Mwen te nan Lespri a nan jou Senyè a, e mwen te tande dèyè m yon gwo vwa tankou son a yon twonpèt,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite