Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Korent 13:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou yon timoun, panse tankou yon timoun, rezone tankou yon timoun. Lè m te vin gran, mwen te kite bagay timoun yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Se tankou lè m'te timoun piti. M'te pale, m'te panse, m'te reflechi tankou timoun piti. Men lè m'vin gran, m'kite lespri timoun nan.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Lè m te timoun mwen te pale tankou yon timoun, mwen te panse tankou yon timoun, mwen te rezone tankou yon timoun. Kounye a mwen vin granmoun, mwen sispann aji tankou yon timoun.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 13:11
8 Referans Kwoze  

Pou sa, retire gwo doulè ak mechanste pou l pa nan kè ou, e fè mal rete lwen chè ou; paske jenès ak ane jenès yo va disparèt vit.


Yo te kòmanse diskite pami yo menm. Yo te di: “Se paske nou pa pote pen an.”


men lè sa ki pafè a vini, sa ki poko konplè a va disparèt.


Paske koulye a nou wè twoub, konsi nan yon glas, men answit nou va wè fasafas. Koulye a m konnen yon ti pati, men answit, mwen va konnen tout bagay menm jan ke Bondye konnen tout bagay de mwen an.


Frè m yo pa fè tankou timoun nan jan nou reflechi. Nan sa ki mal la rete inosan tankou tibebe, men nan jan nou panse, reflechi tankou granmoun.


Men mwen di nou, toutotan ke eritye a se yon timoun, li pa distenge ditou de yon esklav, malgre ke li se mèt a tout bagay,


Alò, Samuel potko konnen SENYÈ a, ni pawòl SENYÈ a potko revele a li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite