Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 7:20 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Epi Jezi di: “Se sa k sot nan bouch se nan kè li sòti. Se sa ki sal yon moun.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Li di yo ankò: — Sa ki sòti nan kè yon nonm, se sa ki mete l nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye.

Gade chapit la

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l.

Gade chapit la



Mak 7:20
12 Referans Kwoze  

Men sa k sot nan bouch se nan kè li sòti. Se sa ki sal yon moun.


Lè sa a, Jezi reponn li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Lavi lòm pa depann sèlman de pen. Li depann tou sou tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye.”


Se pa sa k deyò ki antre nan you moun ki fè moun nan pa pwòp. Men se sa ki anndan yo k ap sòti yo.”


Paske se nan kè move panse soti, epi ki bay tout lòt bagay yo, tankou move zak, vòlè, touye moun,


Tout move bagay sa yo se anndan yo sòti, epi se yo ki sal moun.”


Mèlkisedèk pa gen okenn rapò ak Levi, poutan li resevwa ladim nan men Abraram. Mèlkisedèk te beni Abraram, li menm ki te resevwa pwomès nan men Bondye.


Lang lan tou, se kòm yon ti dife, se ladan nou jwenn tout sa ki pa bon. Li se yon pati nan kò nou, epi se li ki sal tout kò nou nèt. Lang nou mete dife nan lavi nou, depi nou fèt jouk tan nou mouri. Dife sa a, se dife lanfè a ki nan lang lan.


Èske w konnen ki kote dispit yo soti? Ki kote kont soti epi vini nan mitan nou? Èske yo pa soti nan yon bann move lanvi k ap batay anndan nou?