Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 7:15 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Se pa sa k deyò ki antre nan you moun ki fè moun nan pa pwòp. Men se sa ki anndan yo k ap sòti yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Se pa sa ki antre anndan yon moun lè li manje ki ka mete li nan kondisyon pou li pa ka sèvi Bondye. [

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Nanpwen anyen deyò yon nonm k ap fè l sal, men se bagay ki sòti pa anndan yon nonm ki fè l sal.

Gade chapit la Kopi




Mak 7:15
17 Referans Kwoze  

Bann ras vipè! Se fè mal ase nou pwòp! Èske nou t ap janm di bon bagay? Se pawòl yon moun ki fè w konnen sa k nan kè l.


Jezi di yo: “Menm nou menm tou, nou pa konprann?


Jezi pale ak foul moun yo ankò epi li di yo: “Se pou nou tout louvri zòrèy nou byen pou n ka tande epi konprann sa m pral di nou an.


Pyè di yo: “Nou konnen li kont lalwa pou yon Jwif ni asosye l ak moun ki pa Jwif ni antre lakay yo. Men, Bondye fè m konprann mwen pa gen dwa gade pèsonn kòm moun ki enpi osinon kòm moun ki pa nan kondisyon pou l sèvi Bondye.


Wayòm Bondye a, se pa yon zafè manje ak bwè. Sa ki enpòtan se sa ki jis, se lapè, se lajwa ki soti nan Sentespri a.


Manje depi se vyann moun achte nan mache. Pa plede ap boulvèse konsyans ak yon banm kesyon sou kote vyann sa a soti kote l pa soti.


Tout bagay pwòp pou moun ki gen lespri yo pwòp. Men, anyen pa pwòp pou moun ki refize kwè. Okontrè, entelijans yo ansanm ak konsyans vin sal.


Pa kite okenn ansèyman ki pa dwat vire lòlòj nou. Se pa nan règ ki gen rapò ak sa n ap manje oubyen ak kijan n ap manje pou nou pran fòs nou, men se pou nou kite se gras Bondye ki fòtifye nou, paske règ sa yo pa janm ede pèsonn.


Ofrann ak sakrifis nan ansyen sistèm nan te plis pase manje, bwason, ak divès seremoni pirifikasyon. Règ sa yo te valab jouktan Bondye te vini ak yon lòt sistèm tounèf.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite