Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 4:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Èske w konnen ki kote dispit yo soti? Ki kote kont soti epi vini nan mitan nou? Èske yo pa soti nan yon bann move lanvi k ap batay anndan nou?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Ki jan fè gen goumen ak kont nan mitan nou konsa? Kote sa sòti? Sa sòti nan move lanvi k'ap goumen nan kò nou.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Kisa ki sous kont ak konfli pami nou yo? Èske se pa plezi nou yo k ap fè lagè nan manm kò nou yo?

Gade chapit la Kopi




Jak 4:1
24 Referans Kwoze  

Se nan kè move panse soti. Se nan move panse ak tout lòt bagay yo ye, tankou touye moun, adiltè, fònikasyon, vòlè, bay manti, tripotay.


Se dyab la ki papa nou, epi nou vle fè sa papa nou vle nou fè. Li menm, depi okòmansman, se metye touye moun li fè. Li pa janm pale verite a, paske verite a pa nan li menm. Lè l ap bay manti, se nan pwòp trezò li li pran li. Li mantè epi se papa bay manti li ye.


Men m jwenn yon lòt lwa k ap travay nan mwen. L ap goumen ak Lalwa lespri mwen byen renmen an. Lwa sa a k ap travay nan mwen an, se lwa peche a ki fè m tounen prizonye li.


Nan tan pase, nou te anba pouvwa feblès lachè, paske Lalwa te fè nou anvi fè sa ki mal. Dezi peche te kontwole kò nou. Poutèt sa, nou t ap poze aksyon ki mennen nou nan lanmò.


Poukisa? Se paske, lè yon moun gen panse l anba kontwòl feblès lachè, li se lènmi Bondye: Li pa soumèt anba Lalwa Bondye. Dayè, li pa menm ka obeyi Bondye.


Vrèmanvre, an jeneral, moun toujou vle bagay ki kont Sentespri a, tandiske Sentespri a vle ki kontrè. Yo menm nan yon lit youn kont lòt. Sa vle di nou pa lib pou nou toujou viv jan nou ta renmen viv la.


Se poutèt sa, fè seri bagay latè sa yo disparèt nan lavi nou: imoralite, bagay sal, anvi pou fè sa ki mal, lanvi pou ramase lajan, ki se menm bagay ak adore zidòl.


Men, pa mele nan vye diskisyon ki pa gen sans. Ou konnen, vye diskisyon kon sa toujou fini nan kont.


Nou menm tou, nan tan pase yo, nou te aji kon moun fou. Nou te rebèl, egare, esklav yon bann bagay nou ta renmen genyen pou n jwi. Nou t ap viv nan fè sa ki mal poutèt jalouzi ak lanvi. Tout moun te rayi nou epi nou te rayi tout moun tou.


Men, kanpe lwen tout moun k ap fè vye diskisyon ki pa gen sans, moun k ap fè lis zansèt pou pwouve sa y ap di. Kanpe lwen tout moun k ap simen latwoublay oubyen k ap fè diskisyon sou zafè ki konsènen Lalwa Moyiz la. Diskisyon sa yo pas itil anyen, yo p ap ede pèsòn.


Yon moun tante fè sa ki mal, lè l kite pwòp dezi l ki pa bon epi k ap mennen l epi trennen l.


Nou mande epi nou pa jwenn anyen. Se paske nou mal mande! Nou mande sèlman paske nou vle fè gaspiyaj nan pran plezi.


Obeyi Bondye. Piga nou swiv move dezi nou te gen lontan yo, lè nou pa t gen bon konprann nan.


Zanmi mwen, nou tankou vizitè ak pasaje nan lemonn. Konsa, mwen mande nou kouri kite move bagay nou ta vle fè yo, vye bagay sa yo k ap konbat ak moun nou ye vrèman an.


Y ap fè gwo diskou plen ak yon bann gwo mo ki pa menm gen sans. Se kon sa y al jwenn moun ki te fenk fin vire do bay lavi peche yo t ap mennen epi yo fè yo retounen nan peche ankò. Pou yo rive fè sa, yo sèvi ak move bagay moun renmen fè nan feblès lachè yo, bagay ki fè moun wont.


Li enpòtan pou n konnen kijan sa pral pase nan dènye tan an. Se nan rizib moun pral pase nou, poutèt ansèyman nou te resevwa a. Yo pral kontinye viv nan move bagay sal yo vle fè yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite