Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 5:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Jezi mande nonm nan: “Kijan ou rele?” Nonm lan di li: “Mwen rele Lejyon, paske nou anpil.”

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè sa a, Jezi mande li: — Ki jan ou rele? Li reponn li: — Yo rele m Rejiman, paske nou anpil.

Gade chapit la

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Konsa, Li te mande l: “Kòman yo rele ou?” Li te di L: “Yo rele m Lejyon, paske nou anpil.”

Gade chapit la



Mak 5:9
7 Referans Kwoze  

Lè sa a, li pati al chache konkou sèt lòt move lespri ki pi mechan pase l. Yo antre sou moun nan. Lè konsa, moun nan vin pi mal pase jan l te ye anvan. Se menm bagay la ki gen pou rive jenerasyon jodi a k ap pratike mechanste.


Èske ou pa konnen mwen te ka rele Papa m kounye a, epi l t ap voye douz lame anj?


Movèzespri yo nan tèt nonm lan t ap soupriye Jezi anpil pou l pa t mete yo deyò nan zòn sa a.


Yo vin kote Jezi epi yo wè nonm ki te ranpli ak demon an. Li te chita byen pwòp epi li te gen rad sou li. Li te gen tout bon lespri l sou li. Lè moun yo wè sa, yo te pè anpil.


Jezi mande li: “Ki jan ou rele?” Li reponn: “Lejyon.” Li te di sa paske se anpil anpil denmon ki te antre sou nonm nan.