Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 5:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7-8 Jezi te kòmanse ap di: “Espri enpi, soti nan nonm sa a.” Lè sa a, li kriye byen fò epi li di: “Ki pwoblèm ou gen avè m, Jezi, Pitit Bondye ki pi wo nan syèl la? Tanpri souple, pwomèt mwen, o non de Dye, ou p ap toumante m!”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Li pran rele byen fò, li di l konsa: — Kisa m gen avèk ou, Jezi, pitit Bondye ki nan syèl la? Tanpri souple, nan non Bondye, pa fè m soufri.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Li te kriye avèk yon vwa fò, e te di: “Kisa m gen avè w Jésus, Fis a Bondye Pi Wo a? Mwen sipliye Ou pa Bondye, pa toumante mwen!”

Gade chapit la Kopi




Mak 5:7
29 Referans Kwoze  

Simon Pyè reponn: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an!”


Men pèsòn pa t ka rache yon mo nan bouch Jezi. Granprèt la di Jezi ankò: “Nan non Bondye vivan an, m ap mande w pou di m tout verite a. Di m non: èske se ou menm ki Mesi a, pitit Bondye a?”


Lè sa a, dyab la te pwoche bò kote Jezi epi li di: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, di wòch sa yo pou yo tounen pen.”


Yo te rele byen fò: “Pitit Bondye a, ki rapò nou gen avè w? Èske ou vin pou toumante nou anvan lè a rive?”


“Jezi moun Nazarèt, Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a!”


Men Jezi rete an silans, li pa reponn anyen. Gran chèf prèt la mande l ankò: “Èske ou se Mesi a, Pitit Bondye beni an?”


Epi chak fwa yon move lespri wè Jezi, yo tonbe devan l epi yo tonbe rele byen fò: “Ou se Pitit Bondye a.”


Pandan Jezi te byen lwen ap vini, nonm lan wè li. Li kouri vin sou Jezi epi li mete ajenou devan l.


L ap vin yon moun ki gran. Y a rele l Pitit Bondye ki pi wo nan syèl la. Senyè a ap fè l vin wa tankou David gran gran papa li.


Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a.


Men, se pou nou renmen lènmi nou yo, epi fè byen pou yo. Prete moun san nou pa met espwa y ap renmèt nou sa nou prete yo a. Konsa, rekonpans nou va gran. N a pitit Bondye ki pi wo nan syèl la. Paske li menm li bon anvè ni moun ki san rekonesans yo, ni mechan yo.


Lè l fè sa li wè Jezi, li kriye byen fò. Li lage kò l atè devan Jezi epi li di byen fò: “Ki pwoblèm ou gen avè m, Jezi, pitit Bondye ki anwo nan syèl la? Mwen priye w angras, pa toumante m non.”


Men bagay sa yo ekri pou nou kapab rive kwè Jezi se Kris la, Pitit Bondye a, epi tou lè nou kwè sa nou va gen lavi etènèl.


Jenn fi a tonbe swiv Pòl ansanm avèk nou. Tout tan l ap swiv nou an, l ap rele byen fò, l ap di: “Mesye sa yo se sèvitè Bondye ki anwo nan syèl la yo ye. Y ap fè nou konnen kijan pou nou vin sove.”


Te gen yon ekip Jwif ki t ap vwayaje nan zòn nan, epi yo t ap chase move lespri sou moun nan non Senyè Jezi. Yo t ap di: “Nan non Jezikris Pòl ap preche a, mwen kòmande w pou w soti!”


Pandan yo t ap vwayaje kon sa sou wout la, yo vin rive bò yon dlo. Enik lan di: “Men dlo! Ki sa k anpeche m batize?”


Byento, Bondye ki se sous lapè a, ap kraze Satan anba pye nou. Gras Senyè nou an Jezi avè n!


Pitit sa yo se moun ki gen yon kò ki fèt avèk chè ak san. Jezi pran menm kalite kò sa a pou l ka fè menm kalite esperyans avèk yo. Jezi te vin tounen menm jan ak yo, kon sa lanmò l te ka detwi satan ki gen pouvwa lanmò a.


Mèlkisedèk se te wa nan Salèm epi li te sakrifikatè pou Bondye ki pi Wo a tou. Li te rankontre Abraram apre Abraram te fin ranpòte laviktwa sou wa yo. Jou sa a, Mèlkisedèk te beni Abraram.


Ou kwè gen yon sèl Bondye. Se byen, men menm demon yo kwè sa tou! Epi yo pran tranble ak laperèz.


Paske, menm zanj nan syèl la ki te peche, Bondye pa t kite yo ale san l pa t pini yo, li voye yo nan lanfè etènèl. Li mete yo nan prizon fènwa pou tann jou jijman yo.


Sila a k ap fè peche soti nan Satan, paske depi soti nan kòmansman, Satan ap fè peche. Men rezon ki fè Pitit Bondye a te vini: Pou detwi zèv Satan yo.


Epi sonje tou, istwa yon seri zanj ki te pèdi otorite yo, yo te kite demè yo. Senyè a anchennen yo pou tout tan nan fènwa pou tann gran jijman fin al la.


Syèl yo, se pou n rejwi nou ansanm ak tout sa ki nan syèl yo! Men sa va tèrib pou latè a ak lanmè a, paske dyab la ranvèse tonbe sou nou. Li move, li an kòlè, paske l konnen l pa gen anpil tan ankò.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite