Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 5:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Konsa, Li te mande l: “Kòman yo rele ou?” Li te di L: “Yo rele m Lejyon, paske nou anpil.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Lè sa a, Jezi mande li: — Ki jan ou rele? Li reponn li: — Yo rele m Rejiman, paske nou anpil.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Jezi mande nonm nan: “Kijan ou rele?” Nonm lan di li: “Mwen rele Lejyon, paske nou anpil.”

Gade chapit la Kopi




Mak 5:9
7 Referans Kwoze  

Jésus te mande li: “Kòman yo rele ou?” E li te di: “Lejyon”, paske anpil dyab te gen tan antre nan li.


Yo te vin kote Jésus e yo te wè mesye ki te konn gen move lespri a byen chita, byen abiye avèk tout bon lespri li. Se te menm moun ki te gen “Lejyon an”, e yo te vin gen krent.


Men èske nou panse ke Mwen pa kapab fè apèl a Papa M, e l ap voye ban Mwen plis ke douz lejyon (sa vle di 72,000) zanj?


Konsa l ale chache sèt lòt espri pi mal ke li. Yo antre la pou viv avè l, epi dènye eta a moun sa a pi mal pase premye a. Se konsa l ap ye avèk jenerasyon mechan sila a.”


Paske Li t ap di a li menm: “Sòti nan mesye sa a, ou menm move lespri a!”


Li te kòmanse sipliye Li seryezman pou Li pa voye yo deyò peyi a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite