Mak 4:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Epi Jezi di “nenpòt moun ki gen zòrèy pou tande, tande.” 1998 Haïtienne Apre sa, Jezi di yo konsa: — Si nou gen zòrèy pou n tande, tande. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa li te di: “Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande”. |
Jezi pale ak foul moun yo epi li di yo: “Louvri zòrèy nou byen pou n ka tande epi konprann sa m pral di nou an:
Pita, Jezi te pou kont li ak douz disip li yo epi ak lòt moun ki te konn avèk li. Yo te poze Jezi yon kesyon sou parabòl yo.
Men gen kèk grenn ki tonbe nan bon tè, li leve, li grandi epi li bay plis grenn toujou. Gen kèk ki bay 30 fwa plis, 60 fwa plis epi gen kèk menm ki bay 100 fwa plis.”
Fè atansyon sou jan n ap tande pawòl la. Paske, moun ki gen bon konprann, y ap ba li plis bon konprann. Men, nenpòt moun ki pa gen bon konprann, menm sa l te sanble genyen an y ap retire l nan men l.”
Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo. Moun ki ranpòte laviktwa yo, dezyèm lanmò a p ap gen pouvwa sou yo.
Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo. Moun ki ranpòte laviktwa, m ap ba l dwa pou l al manje fwi pye bwa lavi a ki nan paradi Bondye a.