Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 4:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Men gen kèk grenn ki tonbe nan bon tè, li leve, li grandi epi li bay plis grenn toujou. Gen kèk ki bay 30 fwa plis, 60 fwa plis epi gen kèk menm ki bay 100 fwa plis.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo grandi, yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant grenn, lòt bay swasant, lòt ankò bay san (100).

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 “Lòt grenn te tonbe nan bon tè e pandan yo t ap grandi, ogmante, yo vin bay yon rekòlt ki te pwodwi trant, swasant, e menm san fwa.”

Gade chapit la Kopi




Mak 4:8
21 Referans Kwoze  

Mwen menm se pye rezen an, nou menm nou se branch yo. Branch sa yo ki rete nan mwen epi mwen menm nan yo, se pa ti donnen y ap donnen. Paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen.


Levanjil la gaye epi l ap pote bon rezilta nan lemonn antye. Se menm jan ak bò kote pa nou tou, depi premye fwa nou te tande epi konprann gras Bondye a vrèman vre.


Epi gen lòt moun ki tankou yon bon tè kote grenn nan simen. Yo tande pawòl la epi yo aksepte li. Konsa yo grandi epi yo byen donnen: kèk bay 30 fwa plis, kèk 60, epi kèk 100 fwa plis.”


Moun Bere yo te gen pi bon dispozisyon pase moun Tesalonik yo. Yo te byen kontan tande mesaj Pòl te anonse yo a. Yo te pran tan pou etidye Bib la chak jou, pou yo te ka verifye si mesaj yo te tande a se te verite a toutbon vre.


Yon lòt pati nan grenn yo tonbe nan bon tè. Gen ladan yo ki bay donn 30, 60, ak 100 fwa plis pase sa plantè a te simen an.


M ap priye pou lavi nou ranpli ak bon zèv tou pou sa ka sèvi yon sous glwa ak lwanj pou Bondye gras a Jezikris.


Moun ki vle fè sa Bondye vle reyèlman, y ap kapab konnen si ansèyman sa a soti nan Bondye oubyen si li soti nan mwen menm sèlman.


Grenn ki tonbe nan bon tè yo menm, se tankou moun ki tande pawòl la ak yon kè onèt epi bon. Yo obeyi pawòl la kòrèkteman epi avèk pasyans, yo pwodui yon bon rekòt.


Gen lòt menm ki tonbe nan bon tè. Yo grandi. Yo donnen anpil fwi, menm san fwa lavalè.” Lè l fin rakonte istwa a, li di byen fò: “Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande.”


Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la epi ki konprann mesaj la. Yo pwodui yon rekòlt 100, 60, epi 30 fwa plis pase sa ki te simen an.”


Gen lòt grenn ki tonbe nan pikan, pikan yo leve, yo toufe plant lan, li pa pote okenn fwi.


Epi Jezi di “nenpòt moun ki gen zòrèy pou tande, tande.”


Tout kay la kanpe ansanm nan Kris la, epi se Kris la ki fè l grandi pou l tounen yon gwo kay ki apa nan Senyè a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite