Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 4:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Pita, Jezi te pou kont li ak douz disip li yo epi ak lòt moun ki te konn avèk li. Yo te poze Jezi yon kesyon sou parabòl yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Apre Jezi te fin kite gwo foul moun yo dèyè, moun ki te toupre l yo ansanm ak douz disip li yo di li: — Esplike nou parabòl sa a non.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Pandan Li te apa pou kont Li, sila ki t ap swiv Li yo ansanm avèk douz yo t ap poze L kesyon sou parabòl yo.

Gade chapit la Kopi




Mak 4:10
9 Referans Kwoze  

Epi li te sèvi ak parabòl pou anseye yo anpil bagay. Li di yo: Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn.


Apre sa Jezi voye foul moun yo ale lakay yo, epi li tounen lakay li. Disip li yo pwoche bò kote li, yo di l: “Ba nou yon ti eksplikasyon sou parabòl zèb nan jaden ble a.”


Li di yo: “Se nou menm sèl Bondye bay posibilite pou konprann sekrè wayòm Bondye a, men moun deyò yo m ap di yo tout bagay avèk istwa pou fè yo reflechi.


Li pa t janm di yo yon bagay san li pa sèvi ak yon istwa pou fè moun reflechi. Men lè l te pou kont li ak disip yo li te eksplike yo tout istwa yo.


Epi Jezi di “nenpòt moun ki gen zòrèy pou tande, tande.”


Apre sa, Jezi kite foul la ale epi l al lakay li. Disip yo poze l kesyon sou sans ki kache dèryè sa l te di a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite