Mak 4:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Yon lòt fwa ankò, Jezi kòmanse anseye bò lak la. Yon foul moun rasanble devan l, foul la te tèlman gwo se te nan yon bato li te monte pou l chita. Tout foul la te bò lanmè a. 1998 Haïtienne Jezi rekòmanse preche bò lanmè Galile ankò. Foul moun ki te rasanble bò kote li te sitèlman anpil, li te blije moute chita sou yon kannòt nan lanmè a. Foul la menm te rete atè sou rivaj la. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te kòmanse enstwi yo ankò bò kote lanmè a. Yon gwo foul te ransanble kote Li jiskaske Li te vin antre nan yon kannòt sou lanmè a e Li te chita. Tout foul la te kanpe atè bò lanmè a. |
Jezi ak disip li yo al bò lak Galile a, epi yon foul moun ki te sòti nan Galile ak nan Jide t ap swiv yo.
Alò Jezi di disip li yo pou yo pare yon ti bato pou li pou foul la pa ta antoure l twòp.
Disip yo kite foul la dèyè epi yo ale avèk Jezi nan ti bato li te ye a. Te gen lòt ti bato ki te la tou avèk Jezi.
Jezi soti nan bato a. Te gen kèk kavo toupre, kote yo te konn antere mò yo. Kou Jezi sòti nan bato a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li te soti nan tonm yo vin jwenn Jezi.
Jezi te monte nan bato a, li retounen lòt bò lak la. Yon gwo foul moun te vin rasanble devan li bò lak la.