Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 5:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Jezi soti nan bato a. Te gen kèk kavo toupre, kote yo te konn antere mò yo. Kou Jezi sòti nan bato a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li te soti nan tonm yo vin jwenn Jezi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Jezi desann sòti nan kannòt la. Menm lè a, yon nonm sòti nan mitan tonm mò yo, li vin devan Jezi.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Lè Li te fin sòti nan kannòt la, lapoula yon mesye avèk yon move lespri ki sòti nan tonm yo te rankontre Li.

Gade chapit la Kopi




Mak 5:2
13 Referans Kwoze  

Menm lè sa a, te gen yon nonm ki te gen yon move lespri sou li, nan sinagòg la. Li te pran krye byen fò:


Pandan ti gason an t ap vin jwenn Jezi, denmon an lage l atè. Li souke l byen souke. Men Jezi pale byen rèd ak move lespri a. Li geri ti gason an epi li remèt li bay papa l.


Kou Jezi kite bato a, li desann atè, yon nonm lavil la ki te gen move lespri sou li kontre ak Jezi. Pandan anpil tan, nonm sa a pa t mete rad sou li, li pa t abite nan yon kay tankou tout moun, men se nan mitan tonm li te abite nan simityè.


Se konsa, yon madanm ki te gen pitit fi l ki te gen yon move lespri sou li te tande Jezi nan zòn nan, l al kot Jezi epi li tonbe nan pye Jezi.


Yon lòt fwa ankò, Jezi kòmanse anseye bò lak la. Yon foul moun rasanble devan l, foul la te tèlman gwo se te nan yon bato li te monte pou l chita. Tout foul la te bò lanmè a.


Jezi te di sa paske doktè Lalwa yo te akize l, lè yo di se yon move zespri ki te nan li.


Movèzespri a sakaje misye a. Li pouse yon gwo kri epi li sòti sou misye a.


Alò Jezi di disip li yo pou yo pare yon ti bato pou li pou foul la pa ta antoure l twòp.


Disip yo kite foul la dèyè epi yo ale avèk Jezi nan ti bato li te ye a. Te gen lòt ti bato ki te la tou avèk Jezi.


Nonm nan te rete nan tonm yo, okenn moun pa t ka mare l ankò, pa menm ak chenn.


Jezi te monte nan bato a, li retounen lòt bò lak la. Yon gwo foul moun te vin rasanble devan li bò lak la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite