Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 14:57 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Se kon sa kèk lòt moun kanpe pou kontinye bay plis manti toujou. Yo di:

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè sa a, kèk moun leve kanpe, yo fè manti sa a sou li:

Gade chapit la

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Kèk te kanpe e te bay fo temwayaj kont Li. Yo t ap di:

Gade chapit la



Mak 14:57
9 Referans Kwoze  

Yo t ap di: “Ou ta pral kraze tanp lan epi nan twa jou ou ap rebati l la? Ebyen, kounye a sove tèt! Si ou se pitit Bondye vre se pou desann kwa a!”


Anpil moun te vin bay fo temwanyaj kont li, men tout temwanyaj yo te depaman youn ak lòt.


“Nou tande nonm lan di M ap kraze tanp sa lèzòm fè a, epi nan twa jou m ap bati yon lòt tanp ki pa fèt ak men lòm.”


Moun ki t ap fè ale vini nan wout la t ap joure Jezi, epi yo t ap souke tèt yo. Yo t ap di: “Gade misye, se pa ou menm ki t ap di ou ta pral kraze tanp lan epi nan twa jou ou ap rebati l la?