Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 15:29 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

29 Moun ki t ap fè ale vini nan wout la t ap joure Jezi, epi yo t ap souke tèt yo. Yo t ap di: “Gade misye, se pa ou menm ki t ap di ou ta pral kraze tanp lan epi nan twa jou ou ap rebati l la?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

29 Moun ki t'ap pase bò la t'ap plede joure l. Yo t'ap fè siy sou li, yo t'ap di: — Ey! Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou rebati l nan twa jou,

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 Sila ki t ap pase yo t ap voye ensilt; yo t ap souke tèt yo e t ap di: “Gade! Ou menm ki t ap detwi tanp lan, e rebati li nan twa jou.

Gade chapit la Kopi




Mak 15:29
16 Referans Kwoze  

“Nou tande nonm lan di M ap kraze tanp sa lèzòm fè a, epi nan twa jou m ap bati yon lòt tanp ki pa fèt ak men lòm.”


epi yo di: “Misye te di: Mwen gen pouvwa pou m detwi tanp Bondye a, epi rebati l nan twa jou.”


Ebyen, kounye a sove tèt ou, desann kwa a!”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite