Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Mak 11:20 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Nan demen maten, pandan yo t ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig la sèk jouk nan rasin.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Nan denmen maten, byen bonè, antan yo t'ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig frans la cheche jouk nan rasin.

Gade chapit la

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Pandan yo t ap pase lantre granmmaten an, yo vin wè ke pye fig etranje a te seche jis rive nan rasin.

Gade chapit la



Mak 11:20
14 Referans Kwoze  

Konsa lè chalè solèy la te frape sou plant yo, yo te mouri paske yo pa t gen bon rasin.


Jezi reponn yo: “Si se pa Papa m ki nan syèl la ki plante yon plant, menm rasin li p ap ka ret anba tè.


Byen bonè demen maten, Jezi t ap retounen Jerizalèm, epi l te santi l grangou.


Nan demen, etan yo t ap kite Betani, Jezi te santi l grangou.


Lè sa a, Jezi pale ak pye fig la, li di: “Pèsonn moun p ap janm manje fig nan ou ankò.” Disip li yo t ap eseye konprann sa l t ap di a.


Si yon moun pa rete atache nan mwen, yo va koupe l jete deyò, menm jan ak branch rezen an, l ap seche epi y ap ranmase l mete nan dife.


Men si se pikan ak move zèb l ap pwodui, li pa itil anyen. Bondye ap modi l, epi l ap mete dife ladan l.


Moun sa yo se yon danje pou repa kominyon fratènèl nou yo. Yo manje epi bwè ak nou, san yo pa pè anyen. Yo panse sèlman ak pwòp tèt yo. Yo menm jan nyaj van ap pouse san lapli. Yo menm jan ak pye bwa ki pa janm donnen. Yo san rasin, se vye bwa ki mouri menm de fwa yo ye.