Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jid 1:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Moun sa yo se yon danje pou repa kominyon fratènèl nou yo. Yo manje epi bwè ak nou, san yo pa pè anyen. Yo panse sèlman ak pwòp tèt yo. Yo menm jan nyaj van ap pouse san lapli. Yo menm jan ak pye bwa ki pa janm donnen. Yo san rasin, se vye bwa ki mouri menm de fwa yo ye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Moun sa yo, se gate yo vin gate manje n'ap fè pou frè yo. Yo san wont konsa. Yo vin manje, yo vin bwè kont kò yo san chonje moun. Se pwòp tèt yo ase yo konnen. Yo tankou nyaj van ap gaye nan syèl la san bay lapli. Yo tankou pyebwa ki pa janm donnen, menm nan sezon rekòt. Wi, yo tankou pyebwa yo derasinen epi ki fin mouri nèt.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Moun sa yo se resif yo k ap kashe nan fèt lamou sen nou yo, lè yo vin fète avèk nou san fè lakrent, men konsène sèlman ak pwòp tèt pa yo. Yo se nwaj yo ki san dlo, pote pa van a, bwa sezon fwèt la san fwi, de fwa mò, dechouke menm;

Gade chapit la Kopi




Jid 1:12
35 Referans Kwoze  

Konsa lè chalè solèy la te frape sou plant yo, yo te mouri paske yo pa t gen bon rasin.


Jezi reponn yo: “Si se pa Papa m ki nan syèl la ki plante yon plant, menm rasin li p ap ka ret anba tè.


Konsa lè chalè solèy la te frape sou plant yo, yo te mouri paske yo pa t gen bon rasin.


Imajine tou yon move sèvitè ki di nan kè l: Mèt la pa ko ap tounen? Epi li kòmanse ap bat lòt sèvitè yo ak sèvant yo tou epi li tonbe bwè jouk li vin sou.


Jezi di ankò: “Vwala se te yon nonm rich ki te toujou renmen abiye chè. Rad li te fèt ak bèl twal wouj ki koute chè ansanm ak len. Chak jou se te gwo fèt lakay li, epi se bon manje sèlman yo t ap manje.


“Fè atansyon pou n pa kite banbòch, bweson, ak traka lavi a fin pran tèt nou. Si nou kite sa rive, nou ka pa kapab reflechi byen, epi lè move jou a rive sou nou, nou ka pa pare.


Gen lòt ki tonbe nan yon sou karyann. Yo kòmanse grandi men yo seche, paske yo pa jwenn ase tè mouye.


Konsa, nou p ap tankou ti moun ki pako devlope ankò. Nou p ap moun k ap chanje lide tout tan, tankou yon bato vag lanmè ap pote. Nou pa pral kite nenpòt nouvo doktrin nou tande nan bouch moun enfliyanse nou. Moun sa yo se koken yo ye, yo sèvi ak tout kalite trik pou fè moun swiv move chemen.


Yo gen pou yo fini mal. Pou yo menm, se vant yo ki bondye yo. Sa ki pi rèd, wont yo se fyète yo. Y ap panse ak bagay latè.


Men si l ap viv nan pran plezi l, se yon moun mouri li ye, menm si l vivan.


Pa kite okenn ansèyman ki pa dwat vire lòlòj nou. Se pa nan règ ki gen rapò ak sa n ap manje oubyen ak kijan n ap manje pou nou pran fòs nou, men se pou nou kite se gras Bondye ki fòtifye nou, paske règ sa yo pa janm ede pèsonn.


Nou t ap viv sou tè a nan richès ak plezi. Nou angrese tèt nou, menm jan ak zannimo y ap fè gra pou yo touye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite