Depi menm lè a, Jezi kòmanse eksplike disip yo li gen pou l monte Jerizalèm. Li gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò.
Mak 10:33 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Li di yo: “Nou sou wout pou Jerizalèm kote yo pral livre Pitit Lòm nan bay chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo ki gen pou kondane l amò epi yo pral livre l nan men payen yo, 1998 Haïtienne Li di yo: — Tande! Men n'ap moute lavil Jerizalèm, kote yo pral lage m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ak nan men dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m amò, y'ap lage m bay moun lòt nasyon yo. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Byen gade, nou ap monte Jérusalem. Fis a Lòm nan va livre a chèf prèt yo avèk skrib yo. Yo va kondane Li a lanmò, e yo va livre li a payen yo. |
Depi menm lè a, Jezi kòmanse eksplike disip yo li gen pou l monte Jerizalèm. Li gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò.
Nou tout tande jan li t ap ensite Bondye. Ki sa a n ap fè ak sa? Konsa, yo tout kondane l, yo di li merite lanmò.” Yo tout kondane li pou li mouri.
Byen bonè nan maten, chèf prèt yo, ansyen yo, direktè Lalwa yo, ak tout Sanedren an fè yon plan. Yo mare Jezi, yo mennen l bay Pilat.
Lè sa a, Jezi kòmanse ap anseye disip li yo Pitit Lòm nan gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò.
Jezi reponn yo: “Wi, Eli dwe vini anvan pou li mete tout bagay nan plas yo! Men poukisa Bib la di Piti lòm nan gen pou l soufri anpil, epi pèp la gen pou rejte li?
Li te vle anseye disip li yo sèlman. Li te di yo: “Yo gen pou yo trayi Pitit Lòm nan. Yo gen pou yo livre l anba pouvwa lèzòm. Yo gen pou yo touye l, men sou twazyèm jou a li gen pou l resisite.”
Apre sa Jezi di: “Pitit Lòm nan gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò.”
Lè sa a, yo mennen Jezi soti lakay Kayif ale nan katye jeneral gouvènè a. Li te fenk ap fè jou. Moun ki te mennen l yo pa t antre nan katye jeneral gouvènè a. Si yo te antre yo pa t ap pwòp pou manje nan manje fèt Pak la.
Jezi reponn li konsa: “Ou pa t ap gen okenn otorite sou mwen, si sa pa t soti nan syèl. Se poutèt sa moun ki kenbe m mennen ba ou a, li komèt yon pi gwo peche.”
Jwif ki nan Jerizalèm yo ansanm ak tout lidè yo pa t reyalize se Jezi ki Sovè a. Malgre yo t ap li pawòl pwofèt yo te pwoklame yo chak jou saba, yo pa t konprann anyen ladan yo. Lè yo kondane Jezi, yo fè pawòl pwofèt tounen verite a.
Men, kounye a, Sentespri a ap ankouraje m pou m al Jerizalèm. M pa konnen sa k pra l rive m lòtbò a ditou.