Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 10:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

33 “Byen gade, nou ap monte Jérusalem. Fis a Lòm nan va livre a chèf prèt yo avèk skrib yo. Yo va kondane Li a lanmò, e yo va livre li a payen yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

33 Li di yo: — Tande! Men n'ap moute lavil Jerizalèm, kote yo pral lage m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ak nan men dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m amò, y'ap lage m bay moun lòt nasyon yo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

33 Li di yo: “Nou sou wout pou Jerizalèm kote yo pral livre Pitit Lòm nan bay chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo ki gen pou kondane l amò epi yo pral livre l nan men payen yo,

Gade chapit la Kopi




Mak 10:33
23 Referans Kwoze  

Li te meprize e abandone pa lòm; yon nonm ak gwo tristès ki te konnen gwo soufrans, ak tout maladi. Tankou yon moun de sila moun kache figi yo, Li te vin meprize, e nou pa t bay Li okenn valè.


Depi lè sa a, Jésus te kòmanse montre disip Li yo ke Li te oblije ale Jérusalem pou soufri anpil bagay nan men lansyen yo, wo prèt yo ak skrib yo; pou yo ta menm touye L, e pou L ta leve nan twazyèm jou a.


Kisa nou panse?” Yo te reponn e te di: “Li merite lanmò!”


Yo te mare Li, mennen L ale pou te livre Li a Pilate, gouvènè peyi a.


Nou tande blasfèm nan! Kisa sa sanble selon nou menm?” Konsa, yo tout te kondane Li, ke Li te merite lanmò.


Nan granmmaten, chèf prèt avèk ansyen yo ak skrib yo, ansanm ak tout konsèy la te reyini lamenm. Yo te mare Jésus, e te mennen Li ale pou livre Li bay Pilate.


Li te kòmanse enstwi yo ke Fis a Lòm nan t ap oblije soufri anpil bagay, vin rechte pa ansyen yo avèk chèf prèt ak skrib yo, e touye. E apre twa jou, Li ta resisite ankò.


Li te di yo: “Élie vrèman ap vini avan pou restore tout bagay. Men poukisa li ekri sou Fis a Lòm nan ke Li va soufri anpil bagay, e vin meprize?


Paske Li t ap enstwi disip Li yo e t ap di yo: “Fis a Lòm nan va livre nan men a lèzòm, e yo va touye Li. Epi lè Li fin touye, L ap resisite ankò twa jou pita.”


men yo te kontinye kriye fò, e te di: “Krisifye! Krisifye Li!”


Konsa Li te di: “Fis a Lòm nan va oblije soufri anpil bagay, e va rejte pa ansyen yo, ak chèf prèt yo, ak skrib yo. Li va vin touye, e va vin leve nan twazyèm jou a.”


Yo te mennen Jésus soti kote Caïphe, pou antre nan Tribinal la. Li te trè bonè, e yo pa t antre nan tribinal la pou yo pa vin souye, pou yo toujou ta kapab manje Pak la.


Pou pawòl ke Jésus te pale a ta kapab akonpli, ki te montre ki kalite mò Li t ap mouri.


Jésus te reponn Li: “Ou pa t ap gen otorite sou Mwen si li pa t soti anwo. Konsa, sila a ki livre M bay ou a gen pi gwo peche.”


Paske sila ki rete Jérusalem yo, avèk gouvernè pa yo, pa t rekonèt ni Li menm, ni pawòl a pwofèt yo, malgre, yo konn li toupatou chak Saba a. Men yo te akonpli bagay sa yo lè yo te kondane Li.


“Koulye a, gade byen, mare pa Lespri a, mwen sou chemen pou rive Jérusalem, san menm konnen sa ki va rive m la,


Nou te kondane e mete a lanmò nonm jis la; li pa t reziste kont nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite