Jonas 4:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Kounye a SENYÈ, ou ta met touye m. Wi, mwen pito mouri pase m viv.” 1998 Haïtienne Kounyeya, Senyè, ou mèt tou touye m fini ak sa. M pito mouri pase pou m viv pou m wè bagay sa a devan je m! Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, pou sa, koulye a, O SENYÈ, souple, pran lavi mwen. Paske lanmò pi bon ke lavi pou mwen.” |
Lè solèy la te byen wo nan syèl la, Bondye voye yon van cho soti nan direksyon lès. Solèy la te sitèlman cho sou tèt Jonas, li te prèt pou endispoze. Lè sa a, Jonas mande Bondye lanmò. Li di: “Mwen pito mouri pase pou m viv.”
Men, mwen pa sèvi ak okenn nan dwa sa yo. Se yon bagay ki fyè de tèt mwen! Konsa mwen p ap ekri lèt sa a pou m reklame okenn dwa. Franchman, mwen ta pito mouri olye pou m ta pèdi sous fyète m sa a.