Jonas 4:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Jonas pa t kontan ditou, lè li wè Bondye delivre pèp Niniv la. Li te fache anpil. 1998 Haïtienne Jonas pat kontan menm lè li wè sa, sa te fè l fache anpil. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men sa te fè Jonas pa kontan anpil e li te vin fache. |
Bondye di Jonas: “Èske ou santi w fache vre, poutèt ou pèdi pye maskriti a?” Jonas reponn: “Wi, mwen ta pito m mouri tanpou m viv yon lavi konsa!”
Dayè kòb mwen se pou mwen, mwen ka fè sa m vle avè l, pa vre? Èske nou jalou paske mwen gen kè nan men pou lòt moun yo?
Gran frè a fè kòlè. Li refize antre pou selebre retou ti frè li. Lè papa a wè sa, li oblije soti vin kote l, li sipliye l pou l antre.
Lè Farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li di nan kè l: “Si nonm sa a te yon pwofèt vre, li t ap konnen ki kalite moun k ap manyen n nan, paske fi sa a se yon moun k ap mennen movèz vi.”
Men, Pòl ak Banabas pa t kraponnen, yo di: “Nou te gen pou n pwoklame Bòn Nouvèl Bondye a bay nou menm jwif yo anvan, men nou refize tande l. Sa vle di nou pa konsidere tèt nou kòm moun ki bon ase pou n gen lavi etènèl la. Kidonk, kounye a nou pral kòmanse preche moun lòt nasyon yo.