Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jonas 2:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Men mwen menm, m ap bay ofrann pou m fè lwanj pou ou. M ap leve vwa mwen pou m di w mèsi. M ap kenbe sa mwen te pwomèt. Paske se sèl SENYÈ a ki konn delivre!

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Men, m'ap chante pou m fè lwanj ou, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou. M'a kenbe angajman mwen te pran an. Se Senyè a ki delivrans nou.

Gade chapit la

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Men mwen va fè sakrifis a Ou menm ak vwa aksyon de gras la. Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va akonpli. Sali a sòti nan SENYÈ a.”

Gade chapit la



Jonas 2:9
24 Referans Kwoze  

Nou menm Samariten yo, nou adore sa nou pa konnen. Nou menm Jwif, nou adore sa nou konnen, paske delivrans la soti pami Jwif yo.


Pa gen delivrans nan pyès lòt moun, eksepte nan Jezi sèlman. Paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre moun. Se Jezi sèl ki ka delivre nou.”


Frè ak sè m yo, poutèt Bondye montre nou jan li renmen nou anpil konsa, men sa m ap mande nou: An n ofri tout sa nou ye bay Bondye, tankou yon sakrifis vivan ki sen, epi ki fè l plezi. Lè n gade sa li fè pou nou, se kon sa vrèman vre nou ta dwe adore l.


Nou pa dwe janm sispann ofri sakrifis nou bay Bondye pa mwayen Jezikris. Sakrifis sa a, se lwanj k ap soti nan bouch k ap selebre non Bondye.


Yo t ap rele byen fò, yo t ap di: “Viktwa a se pou Bondye nou an li ye, li menm ki chita sou twòn nan, ansanm avèk Ti Mouton an.”