Lè sa a, mwen te di nan tèt mwen: “Ou pouse m ale lwen, kote pou ou pa wè m ak je w.” Poutan, m ap kontinye gade nan direksyon tanp ki apa pou ou a.
Jonas 2:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Lavi m te prèske fin i, men mwen te sonje SENYÈ a. Priyè mwen te rive kote w, nan tanp ki apa pou ou a, Ou tande priyè m. 1998 Haïtienne Lè m santi mwen taprale vre, mwen vin chonje ou, Senyè! Mwen lapriyè nan pye ou. Kote ou chita nan Tanp ki apa ou a, ou tande m. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Pandan mwen t ap vin endispoze nèt, Mwen te sonje SENYÈ a e lapriyè mwen te rive kote Ou nan tanp sen Ou an. |
Lè sa a, mwen te di nan tèt mwen: “Ou pouse m ale lwen, kote pou ou pa wè m ak je w.” Poutan, m ap kontinye gade nan direksyon tanp ki apa pou ou a.
Wi, annik reflechi sou valè tray Jezi pase anba men pechè sou latè ki te rayi l yo! Konsa, nou p ap kite dekourajman pote n ale, nou p ap bay legen.