Ou kapab santi w ap sèvi Bondye byen. Men si w pa gen kontwòl lang ou, w ap twonpe tèt ou. Adorasyon w lan san valè.
Jak 3:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Nou mete mò nan bouch chwal yo, pou fè yo obeyi nou. Konsa nou kapab dirije tout kò yo. 1998 Haïtienne Nou mete mò nan bouch chwal pou fè li obeyi nou. Avèk sa, nou fè li ale kote nou vle. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Koulye a si nou mete mò nan bouch a cheval yo pou yo kab obeyi nou, nou dirije tout kò yo tou. |
Ou kapab santi w ap sèvi Bondye byen. Men si w pa gen kontwòl lang ou, w ap twonpe tèt ou. Adorasyon w lan san valè.
Gade bato yo! Yo gwo, epi se gwo van ki gen anpil fòs ki fè yo mache. Poutan, se avèk yon ti moso bwa yo dirije yo epi yo ale kote pilòt la vle.