Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jak 3:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Gade bato yo! Yo gwo, epi se gwo van ki gen anpil fòs ki fè yo mache. Poutan, se avèk yon ti moso bwa yo dirije yo epi yo ale kote pilòt la vle.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Se menm jan an tou ak bato. Gwo kou l gwo, gwo van te mèt ap pouse l, se yon ti gouvènay ki dirije li. Ak gouvènay tou piti sa a, kaptenn lan mennen l kote l vle.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Gade menm bato yo; malgre yo trè gran e pouse pa gwo van, yo toujou dirije pa yon gouvènè tou piti nenpòt kote volonte a pilòt la pito.

Gade chapit la Kopi




Jak 3:4
8 Referans Kwoze  

Men, toudenkou, SENYÈ a voye yon gwo van tanpèt sou lanmè a. Tanpèt la te sitèlman fò, li te prèt pou kraze bato a.


Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye pi byen, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye pi byen nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.


Pandan yo sou lak la, yon gwo van vin leve epi vag yo te prèske anglouti bato a. Men Jezi li menm t ap dòmi.


Men ofisye a te mete konfyans li pi plis nan kapitèn nan ansanm ak pwopriyetè bato a pase nan sa Pòl t ap di a.


Nou mete mò nan bouch chwal yo, pou fè yo obeyi nou. Konsa nou kapab dirije tout kò yo.


Lang nou se menm jan an. Se yon pati ki tou piti nan kò a. Poutan, li kapab fè lwanj kantite gwo bagay li lakoz. Gade sa, yon ti dife tou piti kapab boule yon gwo rak bwa.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite