Menmsi li ta sanble mwen egzajere nan jan m fyè a, mwen pa wont. Paske, Senyè a ban m otorite pou m konstui, li pa ban m otorite pou m detwi.
Filemon 1:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Antan gran frè w nan Kris la, m te ka pase w lòd pou w fè sa k dwat, 1998 Haïtienne Se poutèt sa, atout Kris la ban m otorite pou m di ou sa ou gen pou ou fè, Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa malgre ke mwen gen ase konfyans nan Kris pou bay ou lòd pou fè sa ki bon, |
Menmsi li ta sanble mwen egzajere nan jan m fyè a, mwen pa wont. Paske, Senyè a ban m otorite pou m konstui, li pa ban m otorite pou m detwi.
Mwen santi m wont pou m di l, men nou menm nou te twò fèb pou nou te fè w sa. Men si yon moun oze vante tèt li nan yon domèn, mwen ka oze fè l tou. (Menmsi m ap pale tankou moun fou.)
Menm jan an tou, lè n ap pale, piga nou nan repete gwo mo ak vye blag, bagay ki pa gen enpòtans. Bagay sa yo pa pou nou. Okontrè, se pawòl remèsiman anvè Bondye ki pou nan bouch nou pito.
Avan nou rive Tesalonik, nou te gentan pase pa nou anba men moun Filip yo. Men Bondye te ban nou kouray pou nou preche Bòn Nouvèl la, menm lè te gen obstak nan Tesalonik.
Nou pa t janm chache pou okenn moun fè lwanj pou nou. Nou pa t chache nan bouch ou. Nou pa t chache l nan bouch lòt moun.