Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Filemon 1:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Konsa malgre ke mwen gen ase konfyans nan Kris pou bay ou lòd pou fè sa ki bon,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Se poutèt sa, atout Kris la ban m otorite pou m di ou sa ou gen pou ou fè,

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Antan gran frè w nan Kris la, m te ka pase w lòd pou w fè sa k dwat,

Gade chapit la Kopi




Filemon 1:8
7 Referans Kwoze  

Paske menm si m ta vante tèt mwen yon ti kras anplis pou otorite nou ke Senyè a te bay pou bati nou menm e pa pou detwi nou, mwen p ap wont.


Nan wont mwen, mwen oblije di ke nou te twò fèb pa konparezon. Men nan nenpòt bagay respekte nenpòt lòt moun se plen ak kouraj (mwen pale ak foli), mwen menm, mwen gen kouraj menm jan an.


Konsa, akoz ke nou gen yon espwa parèy a sa a, nou sèvi ak gran kouraj nan pawòl nou yo.


Nou pa dwe gen pawòl malonèt, pawòl san sans, avèk vye blag, ki pa dign, men de preferans, bay remèsiman a Bondye.


Men apre nou te deja soufri e maltrete nan Philippes, jan nou konnen an, nou te gen kouraj nan Bondye nou an pou pale levanjil la avèk nou malgre anpil opozisyon.


ni nou pa t chache glwa ki sòti nan lòm, ni nan nou menm, ni nan lòt yo, menmsi kòm apot a Kris, nou ta dwe montre otorite nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite