Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Filemon 1:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 men m pito mande w fè sa ak lanmou. Paske m konnen ki sousi ou genyen pou mwen, Pòl, ki fin granmoun epi ki nan prizon poutèt m ap sèvi Kris la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 m pito mande ou rann mwen sèvis sa a nan non Kris la ki renmen nou: wi, mwen menm Pòl, tou vye granmoun jan m ye a, atout mwen nan prizon poutèt Jezikri,

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 malgre pou koz lanmou an, mwen pito sipliye ou—paske mwen se yon moun tankou Paul granmoun lan, e koulye a, osi yon prizonye a Kris Jésus.

Gade chapit la Kopi




Filemon 1:9
17 Referans Kwoze  

Frè ak sè m yo, poutèt Bondye montre nou jan li renmen nou anpil konsa, men sa m ap mande nou: An n ofri tout sa nou ye bay Bondye, tankou yon sakrifis vivan ki sen, epi ki fè l plezi. Lè n gade sa li fè pou nou, se kon sa vrèman vre nou ta dwe adore l.


Konsa, nou se anbasadè Kris la. Bondye sèvi ak nou pou l rele lòt moun. Se nan non Kris la nou pale, n ap chache konvenk moun pou yo retounen byen ak Bondye ankò.


Nou menm k ap travay ak Bondye, n ap priye w angras, pa gaspiye don ou te resevwa nan men Bondye.


Sa k fè m di sa a, se paske nou tout nou se pitit Bondye pa mwayen lafwa nou mete nan Jezikris.


Konsa, mwen menm Pòl, mwen se yon prizonye, paske m ap sèvi Jezikris pou nou menm ki pa Jwif.


Mwen menm ki yon prizonye paske m ap sèvi Jezikris, m ap mande nou, nou menm Bondye rele, pou nou viv yon jan ki fè lwanj pou Bondye.


Se responsabilite m pou m anonse Levanjil la. Se travay sa a menm m ap fè malgre m nan prizon an. Priye pou mwen pou m ka pale san krent, jan sa dwe fèt.


Mwen remèsye Senyè nou an, Jezikris, paske li fè m konfyans, li pran m pou m sèvi l. Epi li ban m fòs pou m fè sa.


Mande pou granmoun yo gen kontwòl sou pwòp lavi yo. Yo dwe aji yon jan ki fè moun gen respè pou yo. Se pou yo reflechi byen sou jan y ap viv. Lafwa yo, lanmou yo ak pasyans yo dwe montre yo se moun ki nan Bondye.


M ap ankouraje nou pou n priye sitou pou Bondye ka pèmèt mwen tounen vin jwenn nou pi vit.


Zanmi mwen, nou tankou vizitè ak pasaje nan lemonn. Konsa, mwen mande nou kouri kite move bagay nou ta vle fè yo, vye bagay sa yo k ap konbat ak moun nou ye vrèman an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite