Men lèt gwoup la te bay mesye yo pot ale a: Apot yo ansanm ak lidè yo, ki se frè nou nan lafwa, voye bonjou pou tout frè nou yo ki pa Jwif, k ap viv nan lavil Antyòch, nan peyi Siri ak nan Silisi.
2 Jan 1:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Si yon moun vini bò kote w san kòmandman sa a, pa resevwa l lakay ou epi pa gen kominyon avè l. 1998 Haïtienne Si yon moun vin jwenn nou pou l moutre nou yon lòt bagay, pa resevwa l lakay nou. Ata bonjou pou nou refize di li. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Si nenpòt moun vini a nou, ki pa pote doktrin sila a, pa resevwa li nan kay nou, e pa menm salye li, |
Men lèt gwoup la te bay mesye yo pot ale a: Apot yo ansanm ak lidè yo, ki se frè nou nan lafwa, voye bonjou pou tout frè nou yo ki pa Jwif, k ap viv nan lavil Antyòch, nan peyi Siri ak nan Silisi.
Mwen te sitou vle di nou pa ka gen relasyon ak moun ki di se kwayan nan Kris yo ye epi k ap viv nan peche. Wi, mwen t ap pale de kwayan nan Kris ki gen gwo lanvi, kwayan k ap adore zidòl, k ap pale moun mal, ki bwasonyè, oswa k ap vòlè. Pa chita sou menm tab ak moun konsa.
Si gen yon moun pami nou ki pa vle fè sa nou di yo nan lèt sa a, fè dosye pou li epi koupe relasyon ak li pou l ka vin wont.
Frè m ak sè m yo, nan non Senyè Jezikris, nou di ou kareman, pran distans ou ak tout moun ki kwè nan Kris epi ki pa vle travay. Moun ki pa vle travay pa swiv ansèyman nou te ba yo a.
Paske yon moun ki antre nan kominyon ak yon moun kon sa vin patisipe nan move zak l ap komèt.
Pou rezon sa a, lè m a rive bò kote nou m va devwale tout vye zak l ap fè yo. Non sèlman li pa resevwa moun yo, men li menm anpeche lòt moun resevwa yo. Li menm ap eseye mete yo deyò nan legliz la.