Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




3 Jan 1:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Pou rezon sa a, lè m a rive bò kote nou m va devwale tout vye zak l ap fè yo. Non sèlman li pa resevwa moun yo, men li menm anpeche lòt moun resevwa yo. Li menm ap eseye mete yo deyò nan legliz la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Se poutèt sa, lè m'a rive, m'ap devwale tou sa li fè ki mal, tout move pawòl ak manti l'ap bay sou mwen yo. Li pa kontante l fè sa sèlman. Li refize resevwa frè yo ki depasaj. Si gen moun ki ta vle resevwa yo, li enpoze yo fè l, li menm chache mete yo deyò nan legliz la.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Pou rezon sa, mwen va atire atansyon a zak sa yo ke li fè, lè l akize nou san jistis avèk pawòl yo ki mechan. Pa menm satisfè avèk sa li refize resevwa frè yo, epi li refize sa yo ki ta vle fè sa, epi mete yo deyò legliz la.

Gade chapit la Kopi




3 Jan 1:10
16 Referans Kwoze  

Anpil benediksyon pou nou lè moun rayi nou, lè yo meprize nou, lè yo joure nou, lè yo twouve li pa bon pou yo ta menm site non nou, poutèt mwen menm, Pitit Lòm nan.


Paran yo te pale kon sa paske yo te pè lidè Jwif yo. Lidè yo te gentan antann yo pou yo pini tout moun ki di Jezi se Mesi a. Yo ta mete l deyò nan Sinagòg la.


Yon jou, tout frè yo te rasanble. Te gen anviwon san ven (120) moun kon sa ki te la. Pyè kanpe nan mitan foul la, li di:


Dezyèm fwa mwen te lakay nou an, mwen te gen tan avèti moun ki te peche yo. Menm lè mwen pa prezan pami nou, mwen ta vle avèti tout moun ki nan peche depi lontan oubyen kounye a yo: lè m vini, mwen p ap menaje nou.


Konsa, pandan nou jwenn okazyon an, se pou nou fè byen ak tout moun, sitou pou moun sa yo ki kwè menm jan avèk nou nan fanmi Bondye a.


Pi plis ankò, jèn vèv sa yo vin ap gaspiye tan yo nan mache de kay an kay. Epi, pi plis toujou, yo vin renmen pale anpil epi foure bouch nan sa k pa mele yo epi rakonte sa yo pa dwe rankonte.


Si yon moun vini bò kote w san kòmandman sa a, pa resevwa l lakay ou epi pa gen kominyon avè l.


Mwen genyen anpil bagay ankò pou m ta ekri w, men m pa vle fè sa sou papye ak lank, men mwen espere ale lakay ou pou nou ka pale fasafas. Konsa n ap kontan nèt.


Sa fè m kontan anpil lè kèk frè kretyen te vizite m epi yo te di m ou ap kenbe fèm nan verite a.


Byeneme, se yon bon bagay pou nou kontinye ede kwayan yo, menm si se moun ou pa menm konnen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite