Mwen di nou pawòl sa a, pou lajwa pa m kapab nan nou, epi pou nou menm kapab gen lajwa nèt ale.
1 Jan 1:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil N ap ekri w bagay sa yo pou w kapab gen kè kontan nèt ale ak nou. 1998 Haïtienne M'ap ekri nou sa pou kè nou ka kontan nèt ale. Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi bagay sa yo nou ekri, pou lajwa nou kapab vin konplèt. |
Mwen di nou pawòl sa a, pou lajwa pa m kapab nan nou, epi pou nou menm kapab gen lajwa nèt ale.
Jouk kounye a, nou pa mande Bondye anyen poutèt nou se disip mwen. Men, kounye a mwen di: mande epi nou va jwenn, pou kè nou kapab kontan nèt ale.
Lamarye se pou lemarye. Zanmi k ap ede lemarye a, li sèlman kanpe ap tann epi l ap tande. Li kontan jis pou li tande lemarye k ap pale. Se sa ki fè kè m kontan kon sa a.
Sa pa vle di n ap chache kontwole lafwa w. Ou deja gen yon lafwa ki solid. Men nou vle travay ansanm avèk ou pou pwòp bonè w.
Se vre, pèsonn p ap ka rive konnen grandè lanmou Kris la nètale. Malgre sa, m priye pou nou rive konnen lanmou sa a pou nou ka vin ranpli ak tou richès ki nan Bondye.
Ti moun mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Men si yon moun ta peche, nou genyen Jezikris pou ede nou. Li toujou fè sa ki dwat, kon sa l ap defann nou devan Bondye Papa a.
Mwen genyen anpil bagay ankò pou m ta ekri w, men m pa vle fè sa sou papye ak lank, men mwen espere ale lakay ou pou nou ka pale fasafas. Konsa n ap kontan nèt.