Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Tit 3:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Tout sila ki avè m yo salye ou. Salye sila ki renmen nou nan lafwa yo. Ke lagras avèk nou tout.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Tout moun ki avè m yo voye bonjou pou ou. Di tout zanmi nou nan lafwa yo bonjou. Mwen mande pou Bondye ban nou tout favè li.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Tout moun ki isit avè m yo voye salye nou. Salye zanmi nou yo nan lafwa ki bò kote pa w yo. Gras Bondye avèk nou tout!

Gade chapit la



Tit 3:15
14 Referans Kwoze  

Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?


Nou menm nou konnen ke men sa yo te sèvi a pwòp bezwen m yo ak mesye ki te avè m yo.


Ke gras Senyè a Jésus avèk nou.


Paske nan Kris Jésus ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.


Mwen, Paul, mwen ekri salitasyon sa a avèk pwòp men mwen. Sonje chenn mwen yo. Ke lagras avèk nou.


A Timothée, vrè pitit mwen nan lafwa mwen an: lagras, mizerikòd, ak lapè ki soti nan Bondye Papa a, e Senyè nou an, Jésus Kri.


Men bi a enstriksyon nou an se lanmou ki soti nan yon kè san tach, bon konsyans ak yon lafwa ki sensè.


Ke Senyè a avèk lespri ou. Ke lagras avèk ou.


paske mwen tande de lanmou ou, ak lafwa ke ou genyen anvè Senyè a, Jésus, e anvè tout sen yo.


Ke lagras rete avèk nou tout.


Lansyen an k ap ekri a byeneme a, Gaïus, ke mwen renmen an verite.