Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Filemon 1:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Paul, yon prizonye Kris Jésus, ak Timothée, frè nou an: a Philémon, frè byeneme e ouvriye parèy nou an,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Mwen menm Pòl, ki nan prizon poutèt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a, ansanm ak frè Timote. Pou Filemon, yon moun nou renmen anpil epi k'ap travay ansanm ak nou pou Senyè a,

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Se mwen menm Pòl ak frè Timote k ap salye w, Filemon, bon zanmi ak kolaboratè nou.

Gade chapit la Kopi




Filemon 1:1
18 Referans Kwoze  

Pou rezon sa a, mwen, Paul prizonye a Kris Jésus a, pou koz a nou, pèp etranje yo,


malgre pou koz lanmou an, mwen pito sipliye ou—paske mwen se yon moun tankou Paul granmoun lan, e koulye a, osi yon prizonye a Kris Jésus.


Paul, yon apot Jésus Kri pa volonte a Bondye, ak Timothée, frè nou an


Men m te panse li te nesesè pou voye Épaphrodite, frè m nan, ouvriye ak sòlda parèy mwen, e osi mesaje pa nou e sèvitè pou sa ke m bezwen.


Paske nou se ouvriye parèy avèk Bondye. Nou menm se chan Bondye a, kay la ke L ap bati a.


Konsa pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a,


Konsa, nou te voye Timothée, frè nou ak ouvriye Bondye parèy a nou nan levanjil a Kris la, pou ranfòse e ankouraje nou nan lafwa nou,


Anplis, Jésus ke yo rele Justus la. Sa yo se sèl ouvriye pou wayòm Bondye ki sòti nan sikonsizyon an, e yo te ankouraje mwen anpil.


Vrèman, fidèl kòlèg mwen yo, mwen mande nou osi pou ede fanm sa yo ki te pataje lit mwen an pou koz a levanjil la, ansanm avèk Clément osi ak tout lòt ouvriye parèy a mwen yo ki gen non yo nan liv lavi a.


Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an,


Paul, yon apot Kris Jésus pa volonte Bondye, e Timothée, frè nou, a legliz Bondye ki nan Corinthe lan, avèk tout sen ki toupatou nan vil Achaïe yo:


tankou Marc, Aristarque, Démas Luc, ouvriye parèy a mwen yo.


Paul, Silvain ak Timothée, a legliz Tesalonisyen yo, nan Bondye, Papa nou an, e Senyè a, Jésus Kri:


pou sila ke mwen se yon anbasadè anchene; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a.


Paul te vini osi nan Derbe ak Lystre. Yon disip yo te rele Timothée te la, Fis a yon fanm Jwif ki te yon kwayan, men papa li te yon Grèk.


Paske nou tout se fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus.


Paul ak Timothée, sèvitè-atache nèt a Jésus Kri yo, a tout fidèl ki nan Kris Jésus ki nan vil Philippe yo, menm avèk dirijan legliz ak dyak yo tou:


Épaphras, prizonye parèy mwen nan Kris Jésus, salye ou


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite