Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Filemon 1:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 paske mwen tande de lanmou ou, ak lafwa ke ou genyen anvè Senyè a, Jésus, e anvè tout sen yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Paske m tande jan ou renmen tout pèp Bondye a, jan ou gen konfyans nan Senyè Jezi.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 paske m tande kijan w montre lafwa ou genyen nan Jezi Senyè a, ak lanmou ou montre pou tout pèp Bondye a.

Gade chapit la Kopi




Filemon 1:5
13 Referans Kwoze  

Selon sen sou latè yo, se moun manyifik yo ye; sou yo menm mwen pran tout plezi m yo.


Se Konsa mwen t ap temwaye seryezman e konplètman a Jwif yo e a Grèk yo, de repantans anvè Bondye, ak lafwa nan Senyè nou an, Jésus Kri.


Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou pratike ospitalite.


Koulye a konsènan ofrann pou sen yo; jan mwen te dirije legliz Galatie yo, konsa mwen fè nou konnen tou.


Paske nan Kris Jésus ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.


Pou rezon sa a, mwen menm tou lè mwen te tande de lafwa nan Senyè a Jésus Kri nou an, ki egziste pami nou ak lanmou nou pou tout sen yo,


Paske nou te tande de lafwa nou nan Kris Jésus, ansanm ak lanmou ke nou gen pou tout fidèl yo;


Men koulye a, ke Timothée gen tan menm vin jwenn nou soti kote nou, li te pote bannou bòn nouvèl de lafwa ak lanmou nou, e ke nou toujou panse avèk tandrès de nou menm, e anvi wè nou jis jan ke nou anvi wè nou tou a.


Paske nou gen tan twouve anpil lajwa ak rekonfò nan lanmou ou, paske kè a fidèl yo vin rafrechi atravè ou menm, frè.


Men sa se kòmandman Li, ke nou kwè nan non a Fis Li a, Jésus Kri, epi renmen yon lòt, kon Li te kòmande nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite