Li te pale nan prezans a frè li yo avèk Samariten rich yo. Li te di: “Se kisa Jwif san kapasite ak fòs sa yo ap fè la a? Èske y ap restore li pou kont yo? Èske yo kab ofri sakrifis? Èske yo kab fin fè l nan yon jounen? Èske yo kab restore wòch yo soti nan ranblè plen pousyè a; menm sa ki te brile yo?”
Men mwen te tankou yon jenn mouton dou k ap mennen labatwa. Mwen pa t konnen ke yo te fòme yon konplo kont mwen; Ke yo t ap di, “Annou detwi bwa a ak fwi li. Annou koupe l nèt soti nan peyi vivan yo, pou non li pa sonje ankò.”
Pa genyen lwanj pou Moab ankò. Nan Hesbon, yo te fè plan pou malè li: ‘Vini, annou koupe retire l nèt pou l pa menm yon nasyon ankò!’ Nou menm tou, Madmen, va vin an silans. Nepe a va swiv nou.
Li va pale kont Pi Wo a, li va epwize sen a Sila Ki Pi Wo a, epi li va gen entansyon pou fè chanjman nan tan ak lwa yo. Yo va vin livre nan men li pandan yon tan ak tan yo, ak yon mwatye tan.