Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 4:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Li te pale nan prezans a frè li yo avèk Samariten rich yo. Li te di: “Se kisa Jwif san kapasite ak fòs sa yo ap fè la a? Èske y ap restore li pou kont yo? Èske yo kab ofri sakrifis? Èske yo kab fin fè l nan yon jounen? Èske yo kab restore wòch yo soti nan ranblè plen pousyè a; menm sa ki te brile yo?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Li konmanse pase nou nan betiz. Li t'ap di devan moun pa l yo ak devan sòlda lame peyi Samari a: — Kisa jwif yo konprann y'ap fè la a? Yo ta renmen rebati lavil la. Yo konprann avèk tout bèt y'ap ofri pou touye yo, nan yon jou yo pral fini? Yo mete nan tèt yo avèk demoli ki fin tounen pousyè ak sann dife yo ka fè wòch pou rebati lavil la.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 4:2
17 Referans Kwoze  

Konsa, pèp peyi a te kòmanse dekouraje pèp Juda a, e te bay yo pwoblem bati a.


Alò, nan dedikasyon miray Jérusalem nan, yo te chache twouve Levit soti nan tout plas yo pou mennen yo Jérusalem pou yo ta kab selebre dedikasyon an avèk jwa, avèk lwanj kè kontan, avèk chan avèk senbal, ap ak lenstriman a kòd yo.


Nan jou sa a, yo te ofri gran sakrifis e te rejwi paske Bondye te bay yo gwo lajwa. Fanm yo ak timoun yo tou te rejwi, jiskaske lajwa Jérusalem nan te tande byen lwen.


Konsa, nan Juda yo t ap di: “Fòs a sila ki pote chaj yo ap febli, Malgre, toujou gen anpil fatra; Epi nou menm pou kont nou, P ap kab rebati miray la.”


Konsa, miray la te fini nan venn-senkyèm jou mwa Elul la, sou senkant-de jou.


Yo te di: “Vini, annou disparèt yo nèt kon nasyon, pou non Israël la pa sonje ankò menm.”


“Michée, moun Moréscheth la, te pwofetize nan tan Ézéchias, wa Juda a. Li te pale a tout pèp Juda a e te di: ‘Konsa SENYÈ dèzame yo te pale: “Sion va raboure kon yon chan, Jérusalem va vin yon pil mazi e mòn kay la kon pwent ki piwo nan yon forè.”


“Pa okipe bagay pèp sa a te pale, lè yo di: ‘De fanmi ke SENYÈ a te chwazi yo, Li te fin rejte yo’? Konsa, yo meprize pèp Mwen an; yo pa menm ankò tankou yon nasyon nan zye yo.


“Konsa, ou ta dwe konnen e disène ke depi yon dekrè vin pibliye pou restore e rebati Jérusalem jis rive nan Onksyone a, Prens lan, va gen sèt semèn ak swasann-de semèn. Li va rebati ankò, ak plas la, e ak kanal ranpa a, menm nan yon tan ki twouble.


SENYÈ, mwen te tande yon rapò sou Ou menm e mwen kanpe etonnen nèt. O SENYÈ, fè zèv ou yo leve ankò nan mitan ane yo. Fè yo vin koni nan mitan ane yo. Nan chalè kòlè, Ou, sonje mizerikòd.


Nan jou sa a, SENYÈ a va defann moun Jérusalem yo. Sila ki fèb pami yo nan jou sa a va tankou David, e kay David la va tankou Bondye, tankou zanj SENYÈ a devan yo.


Paske se kilès ki te meprize jou a ti bagay yo? Men sèt sila yo va rejwi lè yo wè liy a plòn an nan men Zorobabel. Sa yo se zye SENYÈ a k ap veye toupatou sou tout tè a.”


Men Bondye te chwazi foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite