Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 83:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Paske yo te fè konplo ansanm ak yon sèl panse. Kont Ou menm, yo fè yon akò.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 (6) Yo mete tèt yo ansanm, yo fè yon sèl lide: yo dakò pou yo fè bann sou do ou.

Gade chapit la Kopi




Sòm 83:5
19 Referans Kwoze  

Gade, koulye a, jan y ap rekonpanse nou lè yo vin parèt pou chase nou mete deyò soti nan posesyon ke Ou te bannou kòm eritaj la.


Men li pa t satisfè pou mete men l sou Mardochée sèl, paske yo te fè l konnen pèp Mardochée a. Konsa, Haman te chache detwi tout Jwif yo, pèp Mardochée a, ki te toupatou nan tout wayòm Assuérus la.


Alò, yo t ap gen tan fin vale nou tou vivan, lè kòlè yo te limen kont nou an.


Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo pran konsèy ansanm kont SENYÈ a, e kont onksyone pa Li a:


Yo te pale nan kè yo: “Annou kraze yo nèt.” Yo te brile tout kote asanble Bondye nan tout peyi a.


Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.


Lè rapò a te rive kote lakay David e te di: “Siryen yo te fè kan Éphraïm”, ke Achaz ak kè pèp li te vin ajite tankou bwa forè k ap souke nan van.


“Pa okipe bagay pèp sa a te pale, lè yo di: ‘De fanmi ke SENYÈ a te chwazi yo, Li te fin rejte yo’? Konsa, yo meprize pèp Mwen an; yo pa menm ankò tankou yon nasyon nan zye yo.


“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz Filisten yo te aji ak vanjans e te pran vanjans yo avèk tout mepriz a nanm pou detwi ak yon rayisman etènèl,”


Epi koulye a, gen anpil nasyon ki rasanble kont ou k ap di: “Kite li fin souye nèt, e kite zye nou wè dezi nou sou Sion.”


Paske Canaran avèk tout abitan peyi a va tande sa. Yo va antoure nou e efase non nou sou tè a. Epi kisa Ou va fè pou lonè gran non Ou?”


Sa yo gen yon sèl bi, e yo va bay pouvwa yo ak otorite a bèt la.


Konsa, mwen te wè bèt la, wa latè ak lame yo rasanble pou fè lagè kont Sila ki te chita sou cheval la ak kont lame Li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite